Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KONTINYE VEYE!

Tanperati toupatou sou tè a ap ogmante nan yon nivo moun potko janm wè anvan sa — Ki sa Bib la di?

Tanperati toupatou sou tè a ap ogmante nan yon nivo moun potko janm wè anvan sa — Ki sa Bib la di?

 Pandan mwa jiyè 2022 a, toupatou sou tè a, yo anrejistre tanperati ki wo e ki nan yon nivo ki pa t janm genyen anvan sa. Pa egzanp:

  •   “Nan peyi Lachin, yo te fè prèske 70 vil konnen pral gen yon dezyèm vag chalè nan mwa jiyè a. Se te pi gwo alèt otorite yo te ka bay.” — 25 jiyè 2022, CNN Wire Service.

  •   “Tanperati ki kontinye ap ogmante lakòz dife pran nan plizyè forè ann Ewòp.” — 17 jiyè 2022, The Guardian.

  •   “Nan dimanch, plizyè vil Ozetazini te anrejistre yon tanperati ki potko janm genyen anvan sa, toutpandan kontinye gen gwo chalè sou kot lès la ak plizyè pati nan sid ak nan sant Etazini pandan ete a.” — 24 jiyè 2022, The New York Times.

 Ki sa tout bagay sa yo vle di? Èske rive yon lè tè a ap vin yon kote moun pa ka viv sou li? Ki sa Bib la di?

Èske gwo chalè ki genyen yo ap reyalize pwofesi ki nan Bib la?

 Wi. Gwo chalè ki genyen toupatou sou tè a ann amoni ak sa Bib la te di ki t ap rive nan epòk nou an. Pa egzanp, Jezi te fè konnen nou t ap wè “bagay terib” oswa “gwo kokenn chenn siy”. (Lik 21:11; Bib la.) Chalè ki genyen toupatou sou tè a fè anpil moun pè pou lèzòm pa rive detwi tè a.

Èske tè a ap vin yon kote moun pa ka viv sou li?

 Non. Bondye te kreye tè a pou toujou gen moun k ap viv sou li (Sòm 115:16; Eklezyas 1:4). Bondye pap kite lèzòm detwi tè a, okontrè l ap “detwi moun k ap detwi tè a”, jan li pwomèt sa. — Revelasyon 11:18.

 Ann egzamine de nan pwofesi ki montre kèk lòt bagay Bondye pwomèt:

  •   “Dezè a ak tè ki sèch la ap kontan anpil, e plèn ki nan dezè a ap kontan, l ap gen anpil flè tankou pye safran.” ​(Ezayi 35:1). Bondye pap kite tè a vin tounen yon dezè ki pa gen moun k ap viv sou li, men, l ap repare dega yo fè sou tè a.

  •   “Ou pran swen tè a, ou fè l pwodui anpil, ou fè l gra anpil.” ​(Sòm 65:9). Bondye ap fè tè a vin yon Paradi.

 Pou w aprann plis sou fason chanjman ki gen nan klima a ap reyalize pwofesi ki nan Bib la, gade atik “Ki efè chanjman ki gen nan klima a ka gen sou avni nou? — Ki sa Bib la di sou sa?

 Pou w aprann plis sou pwomès Bib la fè pou Bondye ranje anviwònman an, gade atik “Kiyès ki pral sove tè a?