Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

FPG/The Image Bank via Getty Images

KONTINYE VEYE!

Politisyen yo fè konnen nou pa lwen Amagedon — Ki sa Bib la di?

Politisyen yo fè konnen nou pa lwen Amagedon — Ki sa Bib la di?

 Jou lendi 10 oktòb 2022 a, Larisi lage yon seri misil sou plizyè vil ann Ikrèn. Li te fè atak sa a de jou apre Ikrèn te fè yon gwo eksplozyon ki te lakòz gwo dega sou yon gwo pon ki konekte Krime ak Larisi. Evènman sa yo pase yon ti tan apre kèk politisyen te fin fè konnen nou pa lwen Amagedon.

  •   “Se premye fwa depi apre evènman ki te pase sou [prezidan ameriken John F.] Kennedy yo rele Lagè misil Kiba yo nou rive toupre Amagedon konsa. […] Mwen pa panse li posib pou nou sèvi ak zam nikleyè san nou pa lakòz Amagedon.” — Prezidan ameriken an Joe Biden, 6 oktòb 2022.

  •   “Mwen rekonèt nou pa lwen Amagedon, se yon danje pou tout planèt la.” — Prezidan Ikrèn nan Volodymyr Zelensky, apre yo te fin mande l ki konsekans sa ap genyen si yo sèvi ak zam nikleyè, BBC News, 8 oktòb 2022.

 Si yo itilize zam nikleyè, èske l posib pou sa lakòz Amagedon? Ki sa Bib la di?

Si yo itilize zam nikleyè, èske sa ap lakòz Amagedon?

 Non. Mo “Amagedon” an parèt yon sèl fwa nan Bib la nan Revelasyon 16:16. Li pa fè referans ak yon gè ant nasyon yo. Li fè referans ak yon gè ant Bondye ak “wa ki sou tout tè a”. (Revelasyon 16:14.) Bondye pral sèvi ak lagè Amagedon pou l mete fen nan dominasyon lèzòm sou tè a. — Dànyèl 2:44.

 Pou w jwenn plis enfòmasyon sou sa k pral rive tè a apre Amagedon, li atik sa a ki gen tit: Ki sa lagè Amagedon an ye?

Èske yon gè nikleyè ap detwi tè a ak moun ki sou li yo?

 Non. Byenke dirijan yo sou tè a kapab sèvi ak zam nikleyè alavni, Bondye pap kite yo detwi tè a. Men sa Bib la di:

  •   “Tè a ret la pou toutan.” — Eklezyas 1:4.

  •   “Moun ki jis yo gen pou yo posede tè a e yo gen pou yo viv sou li pou toutan.” — Sòm 37:29.

 Sepandan, pwofesi nan Bib la ak evènman k ap pase kounye a montre talè konsa pral gen gwo chanjman sou tè a (Matye 24:3-7; 2 Timote 3:1-5). Aprann ki sa Bib la di sou lavni pa mwayen kou biblik gratis nou ofri a.