1 Korentyen 13​:​1-13

  • Lanmou se yon chemen estrawòdinè (1-13)

13  Si m pale nan lang lèzòm ak nan lang zanj, men mwen pa gen lanmou, mwen vin tounen yon gong k ap sonnen, oswa yon senbal k ap fè bri.  Si mwen gen don pou m pwofetize, si m konprann tout sekrè sakre yo e mwen gen tout konesans+, si mwen tèlman gen lafwa mwen ka deplase mòn, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen*+.  Si mwen bay tout sa m posede pou m nouri lòt moun+, e si mwen bay lavi m pou m fè lwanj pou tèt mwen, men mwen pa gen lanmou+, sa pa itil mwen anyen.  Lanmou+ gen pasyans+ ak byenveyans+. Lanmou pa jalou sò moun+, li pa vante tèt li, li pa kite ògèy plen tèt li+,  li pa aji yon fason ki endesan*+, li pa chèche pwòp enterè l+, li pa fè kòlè fasil+. Li pa note bagay mal yo fè l+.  Li pa pran plezi nan sa ki mal+, men li pran plezi nan sa ki verite.  Li sipòte tout bagay+, li kwè tout bagay+, li espere tout bagay+, li andire tout bagay+.  Lanmou pa janm fayi. Men, kit se don pou moun pwofetize, don pou moun pale nan lòt lang* oswa don pou moun resevwa konesans, y ap disparèt.  Paske nou gen yon konesans ki pa konplè+, e nou pwofetize* yon fason ki pa konplè. 10  Men, lè sa ki konplè a rive, sa ki pa konplè a ap disparèt. 11  Lè m te timoun, mwen te konn pale tankou timoun, mwen te konn reflechi tankou timoun, mwen te konn rezone tankou timoun. Men kounye a mwen vin granmoun, mwen elimine sa ki gen rapò ak timoun. 12  Paske kounye a, nou pa wè klè*, se kòmsi se nan yon glas an metal n ap gade, men lè sa a, nou pral wè tankou si se te fasafas. Konesans mwen genyen kounye a pa konplè, men lè sa a, m ap gen yon konesans ki egzak* menm jan yo konnen m yon fason ki egzak. 13  Men kounye a, men twa bagay k ap rete: lafwa, esperans, lanmou. Men, sa ki pi enpòtan pami yo, se lanmou+.

Nòt anba paj

Oswa: “mwen pa itil anyen”.
Oswa: “li pa malelve”.
Sa vle di pale nan lòt lang grasa yon mirak.
Sa gen ladan l anonse sa k pral pase alavni, anonse mesaj ki soti nan Bondye, oswa fè konnen volonte Bondye oubyen anonse l.
Oswa: “nou pa wè byen”.
Oswa: “ki konplè”.