2 Pyè 3​:​1-18

  • Moun k ap pase nou nan rizib yo fèmen je sou destriksyon k ap vini an (1-7)

  • Jewova pa dousman (8-10)

  • Reflechi sou jan de moun nou dwe ye (11-16)

    • Yon syèl tounèf ak yon tè tounèf (13)

  • Pa kite erè moun fè pote nou ale (17, 18)

3  Byenneme, sa fè dezyèm lèt m ap ekri nou. E nan lèt sa a, tankou m te fè nan premye lèt mwen an, m ap fè nou sonje kèk bagay pou m ka reveye kapasite nou genyen pou nou byen reflechi+,  dekwa pou nou ka sonje pawòl pwofèt ki sen yo te deja di*, e pou nou ka sonje kòmandman Seyè a, Sovè a, kòmandman apot nou yo te transmèt la.  Toudabò, se pou nou konnen sa: nan dènye jou yo, ap gen moun k ap pase nou nan rizib, y ap aji selon dezi pa yo+,  e y ap di: “Kote prezans li a li te pwomèt la+? Anfèt, depi jou zansèt nou yo kòmanse dòmi nan lanmò, tout bagay rete egzakteman jan yo te ye depi nan kòmansman kreyasyon an+.”  Paske, men yon bagay yo chwazi pou yo pa konnen: Depi nan tan lontan, te gen yon syèl e te gen yon tè byen fèm ki te soti anba dlo e ki te nan mitan dlo grasa pawòl Bondye+.  Pa mwayen bagay sa yo, monn nan epòk sa a te detwi lè l te kouvri anba dlo+.  Men, grasa menm pawòl la, syèl ak tè ki la kounye a, yo mete yo la pou dife e yo kenbe yo pou jis jou jijman ak destriksyon moun ki pa gen respè pou Bondye yo rive+.  Men, byenneme, gen yon bagay pou nou pa bliye: Yon jou pou Jewova* se tankou 1 000 an e 1 000 an se tankou yon jou+.  Jewova* pa dousman anrapò ak pwomès li fè+, jan kèk moun konprann li dousman an, men li pran pasyans avèk nou, paske li pa ta renmen pèsonn moun detwi, men li ta renmen pou tout moun rive repanti+. 10  Sepandan, jou Jewova* a+ ap vini tankou yon vòlè+. Nan jou sa a, syèl la pral disparèt+ ak yon bri ki tankou yon kout souflèt*, men, bagay ki konpoze syèl la ak tè a ap vin cho anpil e yo pral fonn, e tè a ansanm ak aksyon ki fèt ladan l yo pral parèt aklè+. 11  Piske tout bagay sa yo gen pou yo fonn konsa, reflechi sou jan de moun nou dwe ye: Nou dwe gen yon konduit ki sen e nou dwe montre nan aksyon nou nou gen atachman pou Bondye, 12  pandan n ap tann jou* Jewova* a+ e pandan nou toujou kenbe l nan lespri nou*. Pandan jou sa a, syèl la ap detwi+ nan dife, epi bagay ki konpoze syèl la ak tè a ap vin cho anpil e yo pral fonn tou. 13  Men, selon pwomès Bondye fè, n ap tann yon syèl tounèf ak yon tè tounèf+, e ladan yo jistis ap abite+. 14  Se poutèt sa, byenneme, piske n ap tann bagay sa yo, fè tout sa nou kapab pou alafen li ka jwenn nou san tach, san defo e nan lapè+. 15  Anplis de sa, konsidere pasyans Seyè nou an tankou yon delivrans, menm jan Pòl, frè byenneme nou an, dapre sajès yo te ba li, te ekri nou sa tou+, 16  kote li pale sou bagay sa yo, menm jan li fè sa nan tout lèt li yo tou. Sepandan, gen kèk nan bagay sa yo ki difisil pou moun konprann, bagay moun ki inyoran* yo ak moun ki anbalan yo ap defòme, menm jan yo fè sa ak rès Ekriti yo tou, pou pwòp destriksyon yo. 17  Kidonk, nou menm byenneme, piske nou konn sa davans, veye pou nou pa kite erè moun sa yo ki pa respekte lalwa pote nou ale ansanm avèk yo epi fè nou pa rete fèm nan bon chemen an+. 18  Non, men kontinye grandi nan favè san parèy la ak nan konesans Seyè nou an, Sovè nou an, Jezi Kris. Se pou li glwa ye depi kounye a e pou tout tan gen tan. Amèn.

Nòt anba paj

Oswa: “sonje bagay pwofèt ki sen yo te anonse”.
Oswa: “yon bri ki fèt byen vit”.
Lit.: “pandan n ap tann prezans jou”.
Oswa: “e pandan nou gen gwo anvi pou l vini”. Lit.: “pandan nou akselere l”.
Oswa: “moun ki pap aprann”.