Amòs 3​:​1-15

  • Amòs anonse jijman Bondye (1-8)

    • Bondye fè konnen sekrè l (7)

  • Yon mesaj kont Samari (9-15)

3  “Koute pawòl sa a Jewova di konsènan tout fanmi li te fè sot nan peyi Ejip la:   ‘Se ou menm sèl mwen konnen nan tout nasyon ki sou tè a+.Se poutèt sa m ap mande w regleman pou tout peche w fè yo+.   Èske de moun pral fè yon wout ansanm san yo pa t fè aranjman pou yo rankontre*?   Èske yon lyon ap gwonde nan yon forè si pa gen anyen pou l pran?Èske yon jenn lyon* ap gwonde nan twou l si l pa pran anyen?   Èske yon zwazo ap pran nan pèlen ki atè si yo pa tann okenn pyèj pou li*?Èske yon pèlen ki atè ap pati si pa gen anyen ki pran ladan l?   Si yo sonnen yon kòn nan yon vil, èske pèp la pap tranble?Si gen yon malè ki rive nan vil la, èske se pa Jewova ki fè l rive?   Paske, Jewova, Seyè ki Souvren an, pap fè anyenSan l pa fè pwofèt yo ki sèvitè l konnen sekrè l+.   Lè yon lyon gwonde+, kiyès ki pap pè?Jewova, Seyè ki Souvren an, pale, kiyès ki pap pwofetize*+?’   ‘Anonse sa nan fòtrès Achdòd yo ki byen pwotejeAk nan fòtrès peyi Ejip yo ki byen pwoteje.Di moun yo: “Rasanble pou n atake mòn Samari yo+,Epi, gade boulvès ki gen ladan lAk piyay k ap fèt anndan l+. 10  Paske, moun sa yo k ap plede fè vyolans e k ap plede fè ravaj nan fòtrès yo genyen ki byen pwoteje yo,Se moun ki pa konn fè sa ki dwat.” Se sa Jewova di.’ 11  Se sa k fè, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di:‘Gen yon ènmi ki pral sènen peyi a+.L ap fè w pèdi fòsE l ap piye fòtrès ou yo ki byen pwoteje+.’ 12  Men sa Jewova di:‘Menm jan bèje a rale de pye oswa moso zòrèy yon mouton nan bouch yon lyon,Se konsa kèk moun ap chape nan pèp Izrayèl la,Anpalan de moun ki chita kounye a sou bèl kabann ak bèl divan* nan Samari+.’ 13  Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, Bondye ki Chèf lame yo, di: ‘Tande, epi avèti moun Jakòb yo.’ 14  ‘Paske, jou m ap mande Izrayèl regleman pou tout rebelyon* li fè yo+,M ap detwi lotèl ki nan Betèl yo tou+,M ap kase kòn lotèl la genyen yo e m ap lage yo atè+. 15  M ap kraze kay kote yo konn pase sezon fredi a ansanm ak kay yo fè pou ete yo.’‘Kay ki fèt ak ivwa yo ap kraze+,E gwo* kay yo pap la ankò+.’ Se sa Jewova di.”

Nòt anba paj

Oswa: “san yo pa t pran randevou pou yo rankontre”.
Oswa: “yon jenn lyon ki gen krinyè”.
Se kapab tou: “si yo pa met okenn manje ladan l”.
Sa gen ladan l anonse sa k pral pase alavni, anonse mesaj ki soti nan Bondye, oswa fè konnen volonte Bondye oubyen anonse l.
Oswa: “bèl divan ki soti Damas”.
Oswa: “tout move zak”.
Se kapab tou: “E pakèt”.