Ebre 13​:​1-25

  • Konsèy ak salitasyon nan fen lèt la (1-25)

    • Pa bliye montre nou akeyan (2)

    • Se pou moun onore maryaj (4)

    • Obeyi moun k ap dirije nou yo (7, 17)

    • Annou bay Bondye louwanj kòm sakrifis (15, 16)

13  Se pou nou kontinye gen lanmou pou frè yo+.  Pa bliye montre nou akeyan*+, paske grasa kalite sa a, gen moun ki te resevwa zanj lakay yo san yo pa t konnen+.  Sonje moun ki nan prizon yo*+, tankou nou te nan prizon ansanm avèk yo+, e sonje moun y ap maltrete yo, etandone nou menm tou nou nan kò lachè a*.  Se pou tout moun onore maryaj, e se pou kabann maryaj la san salte+, paske Bondye pral jije ni moun k ap fè imoralite seksyèl*, ni moun k ap fè adiltè+.  Se pou fason n ap viv pa gen lanmou pou lajan ladan l+. Kontante nou ak sa nou genyen+. Paske, li di: “Mwen pap janm kite w e mwen pap janm abandone w+.”  Konsa, n ap kapab gen anpil kouraj e n ap kapab di: “Se Jewova* ki èd mwen, mwen pap pè. Ki sa lòm ka fè m+?”  Sonje moun k ap dirije nou yo+, moun ki fè nou konnen pawòl Bondye a, e pandan n ap egzamine rezilta konduit yo, imite lafwa yo+.  Jezi Kris se menm moun nan, ni yè, ni jodi a, ni pou toutan.  Pa kite divès kalite ansèyman etranj pote nou ale. Paske, li pi bon lè se favè san parèy la ki fè kè a fèm, olye pou se manje*, bagay ki pa pwofitab pou moun ki met lide yo sou li+. 10  Lotèl nou genyen an, moun k ap fè sèvis sakre nan tant lan pa gen otorite pou yo manje sa k sou li yo+. 11  Paske, gran prèt la te konn al nan Kote ki pi sen an ak san bèt pou l ofri pou peche, men kò bèt sa yo, yo te konn boule yo pa deyò kan an+. 12  Se poutèt sa, Jezi tou te soufri pa deyò pòtay vil la+ yon fason pou l te ka pirifye pèp la ak pwòp san l+. 13  Ebyen, ann soti al jwenn li pa deyò kan an, ann pote dezonè l te pote a+, 14  paske, nou pa gen yon vil k ap dire isit la, men n ap tann vil ki gen pou vini an ak tout kè nou+. 15  Pa mwayen li, annou toujou bay Bondye louwanj kòm sakrifis+, sa vle di, annou fè deklarasyon piblik pou non l+ ak pawòl k ap sot nan bouch nou+. 16  Anplis de sa, pa bliye fè byen, e pa bliye pataje sa nou genyen ak lòt moun+, paske se nan sakrifis sa yo Bondye pran plezi+. 17  Obeyi moun k ap dirije nou yo+, e soumèt devan yo+, paske yo toujou ap veye sou nou* antanke moun ki gen kont pou yo rann+, dekwa pou yo fè sa ak kè kontan, pou yo pa fè l nan plenyen, paske sa t ava mal pou nou. 18  Kontinye priye pou nou, paske nou gen konviksyon konsyans nou klè*, piske nou vle konpòte nou yon fason ki dwat nan tout bagay+. 19  Men, mwen ankouraje nou plis toujou pou nou priye dekwa pou m ka retounen vin jwenn nou anvan lontan. 20  Mwen swete pou Bondye lapè a, li menm ki te resisite Jezi, Seyè nou an, gran bèje+ mouton yo, ki te pote san yon alyans k ap la pou toutan bay Bondye, 21  fè nou jwenn tout bon bagay pou nou fè volonte l. Mwen swete pou l akonpli sa ki bon nan je l nan nou menm, grasa Jezi Kris. Glwa pou li pou tout tan gen tan. Amèn. 22  Kounye a, frè m yo, m ap mande nou pou nou koute pawòl ankourajan sa a avèk pasyans, paske se yon lèt tou kout mwen ekri nou. 23  Mwen ta renmen fè nou konnen yo lage Timote, frè nou an. Si l pa pran tan pou l vini, m ap vin wè nou ansanm avè l. 24  Salye tout moun k ap dirije nou yo pou mwen ansanm ak tout lòt moun ki sen yo. Moun ki ann Itali yo+ voye salye nou. 25  Mwen swete pou favè san parèy la avèk nou tout.

Nòt anba paj

Oswa: “montre nou janti ak etranje yo”.
Lit.: “Sonje moun yo mare yo; Sonje moun ki nan chenn yo”.
Se kapab tou: “sonje moun y ap maltrete yo kòmsi nou t ap soufri avèk yo”.
Anpalan de règ sou manje.
Oswa: “veye sou nanm nou”.
Lit.: “konsyans nou bon”.