Esdras 4​:​1-24

  • Yo jwenn opozisyon pandan y ap rebati tanp lan (1-6)

  • Ènmi yo voye moun al pot wa Atagzèsès plent (7-16)

  • Atagzèsès reponn yo (17-22)

  • Konstriksyon tanp lan kanpe (23, 24)

4  Lè ènmi moun ki nan Jida yo ak nan Benjamen yo+ aprann moun ki retounen sot ann egzil yo+ ap bati yon tanp pou Jewova, Bondye Izrayèl la,  menm kote a y al kot Zowobabèl ak chèf fanmi yo e yo di yo: “Kite nou travay nan konstriksyon an ansanm avèk nou paske se Bondye+ nou an nou vle adore* e se pou li n ap fè sakrifis depi lè Esaradon+, wa peyi Asiri a, te mennen nou isit la+.”  Men, Zowobabèl ak Jechwa ansanm ak prens yo ak lòt chèf fanmi ann Izrayèl yo di yo: “Nou pa gen dwa vin konstwi kay pou Bondye+ nou an ansanm avèk nou, paske se nou menm poukont nou ki pou konstwi l pou Jewova, Bondye Izrayèl la, jan Siris, wa peyi Pès la, te ban nou lòd pou n fè sa+.”  Men, moun nan zòn ki ozalantou yo te kontinye ap dekouraje* moun Jida yo pou yo pa fè travay konstriksyon an+.  Yo te peye yon seri moun pou bay konsèy pou anpeche travay+ la fèt pandan tout tan Siris, wa peyi Pès la, t ap dirije a rive jis lè Dariyis+, wa peyi Pès la, te vin ap dirije.  Lè Asyeris te fèk pran pouvwa a, yo te ekri yon lèt kont moun Jida yo ak moun Jerizalèm yo pou akize yo.  Nan epòk Atagzèsès, wa peyi Pès la, t ap dirije a, Bichlam, Mitredat, Tabeyèl ak lòt moun k ap travay nan gouvènman an avèk yo te ekri wa Atagzèsès yon lèt. Yo te tradui lèt la nan lang arameyen+ e yo te ekri l ak lèt ki nan alfabè arameyen an*.  * Reyoum, pi gwo chèf nan gouvènman an, ak Chimchayi, grefye a, te ekri wa Atagzèsès yon lèt kont Jerizalèm. Men sa yo te di:  (Moun ki te ekri lèt sa a se Reyoum, pi gwo chèf nan gouvènman an, Chimchayi, grefye a, ak lòt moun k ap travay nan gouvènman an avèk yo, jij yo ak ti gouvènè yo, sekretè yo, moun Erèk yo+, moun Babilòn yo, moun ki abite Souz yo+, sa vle di moun Elam yo+, 10  lòt moun nan nasyon yo Asnapa ki te yon gran pèsonaj moun te respekte te fè sot ann egzil e l te fè abite nan vil Samari yo+, ansanm ak lòt moun ki te ret nan zòn pa lòtbò Rivyè a*. Ebyen, 11  sa a se yon kopi lèt yo te voye ba li a.) “Wa Atagzèsès, men sa sèvitè w yo, mesye ki abite pa lòtbò Rivyè a, ekri w: Kounye a, 12  monwa, n ap fè w konnen Juif ki te monte sot nan tèritwa w la vin jwenn nou yo rive Jerizalèm. Y ap rebati vil ki te gen moun rebèl ak moun mechan yo. Y ap fin fè miray la+ e y ap repare fondasyon yo. 13  Ebyen, monwa, n ap fè w konnen si yo fin rebati vil sa a e yo fin fè miray la, yo pap peye ni taks, ni enpo+, ni kòb pou yo kite yo pase nan wout yo, e sa ap diminye kantite lajan k ap antre nan kès wa a. 14  Piske se ak kòb palè a yo peye nou pou travay nou fè*, nou pa wè l nòmal pou n ap gade yo k ap gaspiye lajan wa a. Se sa k fè nou voye lèt sa a ba ou, monwa, pou n fè w konn sa, 15  yon fason pou w ka fè yo fè yon rechèch nan achiv zansèt ou yo+. Konsa, nan achiv yo, w ap wè vil sa a se yon vil ki te gen moun rebèl ladan l ki pa t nan avantaj wa yo ak tèritwa yo, e vil sa a te gen moun ki te konn fè soulèvman nan tan lontan, se sa k fè yo te detwi l+. 16  Monwa, n ap fè w konnen, si yo rebati vil sa a e yo fini miray yo, ou pap gen kontwòl* zòn ki pa lòtbò Rivyè a+.” 17  Men sa wa a te voye di Reyoum, pi gwo chèf nan gouvènman an, Chimchayi, grefye a, ak lòt moun k ap travay nan gouvènman an avèk yo ki te abite Samari ansanm ak lòt moun ki te nan zòn pa lòtbò Rivyè a: “Mwen salye nou. M ap fè nou konnen 18  yo te li* lèt nou te voye ban nou an byen klè pou mwen. 19  Mwen te bay lòd pou yo fè rechèch, e selon sa yo te jwenn, yo te wè vil la te konn fè soulèvman nan tan lontan kont wa e te gen moun rebèl ak moun ki t ap revòlte ladan l+. 20  Te gen yon seri wa ki te gen anpil pouvwa ki t ap dirije Jerizalèm e ki t ap dirije tout zòn ki pa lòtbò Rivyè a ki te konn fè moun yo peye taks, enpo ak kòb pou yo kite yo pase nan wout yo. 21  Kounye a, bay lòd pou mesye sa yo kanpe travay la, pou yo pa rebati vil la jiskaske m bay yon lòd sou sa. 22  Pinga nou neglije fè sa, pou sa pa bay wa a plis pwoblèm+.” 23  Twouve, apre yo te fin li lèt wa Atagzèsès te voye a devan Reyoum ak Chimchayi, grefye a, ansanm ak lòt moun k ap travay nan gouvènman an avèk yo, y al Jerizalèm tousuit kot Juif yo e yo fòse yo kanpe travay la. 24  Se lè sa a travay ki t ap fèt nan kay Bondye a nan Jerizalèm te kanpe. Li te kanpe rive jis nan dezyèm ane rèy Dariyis, wa peyi Pès la+.

Nòt anba paj

Lit.: “chèche”.
Lit.: “febli men”.
Se kapab tou: “Yo te ekri l nan lang arameyen e apre sa yo te tradui l”.
Okòmansman, se nan lang arameyen yo te ekri Esd 4:8 rive nan Esd 6:18.
Oswa: “pa lòtbò Rivyè Efrat”.
Lit.: “Piske nou manje sèl palè a”.
Lit.: “pòsyon nan”.
Se kapab tou: “yo te tradui e yo te li”.