Filipyen 2​:​1-30

  • Imilite kretyen yo genyen (1-4)

  • Imilite Kris genyen fè Bondye leve l nan yon pozisyon ki pi wo (5-11)

  • Travay pou pwòp delivrans nou (12-18)

    • Klere tankou flanbo (15)

  • Pòl voye Timote ak Epafwodit (19-30)

2  Kidonk, si nan mitan nou gen ankourajman nan Kris, gen konsolasyon nan lanmou, youn montre li gen sousi pou lòt*, gen afeksyon ki sot nan fon kè e gen konpasyon,  fè kè m kontan nèt lè nou gen menm panse, menm lanmou, lè nou byen ini*, lè nou kenbe yon sèl panse nan lespri nou+.  Pa fè anyen nan polemik+, ni paske nou vle bay tèt nou twòp enpòtans+, men, avèk imilite, konsidere lòt moun yo siperyè nou+  lè nou pa chèche enterè pa nou sèlman+, men lè nou chèche enterè pa lòt moun tou+.  Kenbe menm mantalite Kris Jezi te genyen an nan nou+.  Byenke li te egziste nan menm fòm ak Bondye+, li pa t anvizaje fè yon dappiyanp sou pozisyon Bondye, sa vle di pou l ta egal avè l+.  Non, li te pito kite fòm li te genyen an, li te pran fòm yon esklav+ e li te vin tounen yon moun*+.  Anplis de sa, lè l te vini kòm moun*, li te imilye tèt li e li te vin obeyisan jis li mouri+, wi, jis li mouri sou yon poto soufrans*+.  Se pou rezon sa a tou, Bondye leve l met nan yon pozisyon ki pi wo+, e avèk bonte, li ba l non ki anlè tout lòt non an+, 10  yon fason pou tout jenou pliye nan non Jezi, kit se nan syèl la, kit se sou tè a, kit se anba tè a+, 11  e pou tout lang rekonèt aklè Jezi Kris se Seyè+ pou glwa Bondye, Papa a. 12  Se poutèt sa, byenneme m yo, jan nou toujou obeyi, nonsèlman lè m la, men kounye a plis toujou pandan m pa la, kontinye travay pou pwòp delivrans nou, avèk krent ak anpil respè, 13  paske se Bondye ki fòtifye nou ann amoni ak sa ki fè l plezi, li ban nou volonte e li ban nou fòs pou nou aji. 14  Kontinye fè tout bagay san plenyen+, san diskisyon+, 15  yon fason pou nou ka vin san repwòch e pou nou ka vin inosan, pou nou ka vin pitit Bondye+ ki san tach nan mitan yon jenerasyon ki kwochi e ki kòwonpi+, kote n ap klere tankou flanbo nan monn nan+, 16  pandan n ap kenbe pawòl lavi a byen di+. Konsa, m ap gen rezon pou m rejwi nan jou Kris la, piske m konnen mwen pa t kouri pou granmesi, ni mwen pa t travay di pou granmesi. 17  Men, menmsi yo vide m tankou yon bwason y ap vide kòm ofrann+ sou sakrifis+ lafwa nou pouse nou fè nan sèvis sakre* n ap bay la, mwen kontan e mwen rejwi avèk nou tout. 18  Menm jan an tou, se pou nou kontan e se pou nou rejwi avèk mwen. 19  Kounye a, mwen espere, si se volonte Seyè Jezi, mwen pap pran anpil tan pou m voye Timote+ ban nou, pou m ka jwenn ankourajman lè m pran nouvèl nou. 20  Paske, mwen pa gen pèsonn ki gen menm atitid avè l, pa gen pèsonn tankou l ki gen sousi pou nou toutbon. 21  Paske, tout lòt moun yo ap chèche pwòp enterè yo, yo pap chèche enterè Jezi Kris. 22  Men li menm, nou konnen li fè prèv li, paske, menm jan yon pitit+ konn fè pou papa l, se konsa li travay ansanm avèk mwen tankou yon esklav pou bon nouvèl la ka pwogrese. 23  Anfèt, se moun sa a mwen swete voye ban nou, kou m fin wè ki jan bagay yo ap mache pou mwen. 24  An reyalite, mwen gen konfyans nan Seyè a, mwen menm tou sa pap pran m anpil tan pou m vini+. 25  Men pou kounye a, mwen wè li nesesè pou m voye Epafwodit ban nou, li menm ki se frè m, konpayon travay mwen, sòlda parèy mwen, moun nou te voye pou pran swen m nan+, 26  paske se pa ti anvi li anvi wè nou tout, e li vin tris anpil poutèt nou te tande li te malad. 27  Vrèmanvre, li te malad, li te prèske mouri, men Bondye te gen pitye pou li, anfèt pa sèlman pou li, men pou mwen tou, pou m pa gen chagren sou chagren. 28  Kidonk, m ap voye l byen vit pou kè nou ka kontan ankò lè nou wè l, e pou m ka gen mwens kè kase. 29  Se sa k fè, akeyi l ak anpil jwa, jan nou abitye fè sa nan Seyè a, e kontinye bay moun konsa anpil valè+. 30  Paske, akoz travay Kris la*, li pase toupre lanmò, li riske lavi l* pou l ka fè m pa menm santi nou pa t la pou nou te rann mwen sèvis+.

Nòt anba paj

Lit.: “youn pataje lespri lòt”.
Oswa: “lè nanm nou ini ansanm”.
Lit.: “li te vin sanble ak moun”.
Lit.: “lè l te twouve l nan aparans kòm yon moun”.
Oswa: “sèvis piblik”.
Se kapab tou: “travay Seyè a”.
Oswa: “li met nanm li an danje”.