Galat 2​:​1-21

  • Pòl rankontre ak apot yo nan Jerizalèm (1-10)

  • Pòl korije Pyè (Sefas) (11-14)

  • Se sèlman grasa lafwa yon moun genyen yo deklare l jis (15-21)

2  Epi, 14 an apre, mwen te monte Jerizalèm ankò ansanm ak Banabas+, e mwen te mennen Tit avè m tou+.  Mwen te monte apre m te fin resevwa yon revelasyon, e an prive, mwen te prezante mesye ki enpòtan yo bon nouvèl m ap preche pami nasyon yo yon fason pou m asire m se pa pou granmesi mwen t ap kouri nan kous la ni se pa pou granmesi mwen te kouri ladan l.  Sepandan, menm Tit+ ki te avè m, yo pa t oblije l sikonsi+, byenke li se Grèk.  Men, pwoblèm sa a te vin parèt akoz fo frè ki te fofile tou dousman nan mitan nou+, e ki te glise kò yo pou yo espyone nou parapò ak libète+ nou genyen ann inyon ak Kris Jezi a, yon fason pou yo ka fè nou vin esklav nèt+.  Nou pa t lage bay moun sa yo, nou pa t soumèt devan yo+, non, pa menm pou yon moman*, dekwa pou nou ka rete atache ak verite ki nan bon nouvèl la.  Men, kanta pou mesye sa yo ki te parèt kòm moun ki enpòtan+, pou mwen menm, yo pa t vin ak anyen ki nouvo. Dayè, kèlkeswa sa yo te ye anvan, sa pa gen okenn efè sou mwen, piske aparans moun pa enpresyone Bondye.  Okontrè, lè yo wè yo te konfye m bon nouvèl la pou moun ki pa sikonsi yo+, menm jan yo te konfye Pyè li pou moun ki sikonsi yo,  paske Sila a ki te bay Pyè kapasite li bezwen pou l travay antanke apot pou moun ki sikonsi yo te ban m kapasite tou pou m fè menm jan an pou moun ki nan nasyon yo+,  wi, lè Jak+, Sefas* ak Jan te vin konnen favè san parèy Bondye te ban m nan+, mesye sa yo, ki sanble se pilye kongregasyon an yo ye, te bay Banabas avè m+ lanmen pou yo montre yo dakò pou n al preche nasyon yo, pandan yo menm y ap preche moun ki sikonsi yo. 10  Yo te sèlman mande nou pou nou sonje moun ki pòv yo. Se sa menm mwen fè bonjan efò pou m fè tou+. 11  Men, lè Sefas*+ te vin Antyòch+, mwen te di l fasafas mwen pa dakò sa l fè a, paske sa klè, li pa t aji byen. 12  Paske, anvan mesye Jak+ te voye yo te rive, li te konn manje avèk moun ki nan nasyon yo+ byen pwòp. Men, kou mesye yo rive, li sispann fè sa e li rale kò l sou yo, paske li te pè moun ki nan gwoup moun ki sikonsi yo+. 13  Lòt Juif yo fè menm jan an tou, yo antre nan jwèt la*, yo menm rale Banabas nan jwèt* yo a. 14  Men, lè m wè yo pa t ap mache ann amoni ak verite ki nan bon nouvèl la+, mwen di Sefas* devan yo tout: “Si ou menm, byenke w se Juif, ou pap viv tankou Juif, men w ap viv tankou moun ki nan nasyon yo, ki jan w fè ap oblije moun ki nan nasyon yo pou yo viv selon koutim Juif yo+?” 15  Nou menm ki Juif natif natal, ki pa menm ak moun ki nan nasyon yo k ap pratike peche, 16  nou konnen se pa paske yon moun fè sa Lalwa mande ki fè yo deklare l jis, men se sèlman grasa lafwa+ li gen nan Jezi Kris+. Se sa k fè nou mete lafwa nou nan Kris Jezi, pou yo ka deklare nou jis poutèt nou gen lafwa nan Kris, men se pa poutèt nou fè sa Lalwa mande. Paske, yo pap deklare okenn moun* jis poutèt li fè sa Lalwa mande+. 17  Kounye a, si nou menm, pandan n ap chèche pou yo deklare nou jis grasa Kris, yo ta konsidere nou peche kont lalwa, èske sa vle di se Kris k ap ankouraje nou fè peche? Jamè! 18  Si menm bagay mwen te kraze yo mwen rebati yo ankò, mwen montre mwen se yon moun k ap dezobeyi Lalwa. 19  Paske, mwen mouri anrapò ak Lalwa+, pou m ka vin vivan anrapò ak Bondye. 20  Kounye a, yo kloure m ansanm ak Kris sou poto a+. Se pa mwen menm ankò k ap viv+, men se Kris k ap viv ann inyon avè m. Wi, lavi m ap viv kounye a, m ap viv li grasa lafwa mwen genyen nan Pitit Bondye a+ ki renmen m e ki livre tèt li pou mwen+. 21  Mwen pa rejte favè san parèy Bondye a*+. Paske, si se Lalwa ki fè moun vin jis, ebyen se pou granmesi Kris te mouri+.

Nòt anba paj

Lit.: “pou inèdtan”.
Yo rele l Pyè tou.
Yo rele l Pyè tou.
Oswa: “yo te antre nan ipokrizi a”.
Oswa: “nan ipokrizi”.
Yo rele l Pyè tou.
Lit.: “okenn chè”.
Oswa: “Mwen pa mete favè san parèy Bondye a sou kote”.