Jan 1​:​1-51

  • Pawòl la te vin tounen chè (1-18)

  • Temwayaj Jan ki konn batize moun nan bay (19-28)

  • Jezi se Ti Mouton Bondye a (29-34)

  • Premye disip Jezi yo (35-42)

  • Filip ak Natanayèl (43-51)

1  Okòmansman, Pawòl la te egziste+, Pawòl la te ansanm ak Bondye+, e Pawòl la te yon dye*+.  Li te ansanm ak Bondye okòmansman.  Bondye te sèvi avè l pou l fè tout bagay vin egziste+, e pa menm gen yon bagay ki te vin egziste san li.  Lavi vin egziste pa mwayen li, e lavi sa a se te limyè pou lèzòm+.  Limyè a ap klere nan fènwa+, e fènwa a pa kouvri l.  Gen yon mesye ki te vini, se Bondye ki te voye l, li te rele Jan+.  Mesye sa a te vini antanke temwen pou l te ka bay temwayaj sou limyè a+, dekwa pou l te ka pèmèt tout kalite moun kwè.  Se pa li ki te limyè a+, men li te vin bay temwayaj sou limyè a.  Vrè limyè a ki bay tout kalite moun limyè t apral vin nan monn nan+. 10  Li te nan monn nan+, e se avè l Bondye te sèvi pou l fè monn nan vin egziste+, men, monn nan pa t konnen l. 11  Li te vini nan pwòp peyi l, men, moun nan peyi l pa t aksepte l. 12  Li te bay tout moun ki te resevwa l yo dwa pou yo vin pitit Bondye+, paske yo te demontre yo gen lafwa nan non l+. 13  Yo pa t vin pitit Bondye grasa fanmi kote yo soti, oswa grasa volonte paran yo, oswa grasa volonte lèzòm, men se grasa Bondye+. 14  Se konsa, Pawòl la te vin fèt nan lachè*+ e li te abite pami nou. Nou te wè glwa li, yon glwa ki tankou glwa yon sèl pitit+ yon papa fè. Li te plen ak favè Bondye* ak verite. 15  (Jan te bay temwayaj sou li, li te di byen fò: “Se konsènan moun sa a mwen te di: ‘Moun k ap vin apre m nan pran devan m, paske l te egziste anvan m+.’”) 16  Anfèt, li te fè nou tout anpil favè san parèy*, paske li plen favè san parèy. 17  Bondye te sèvi ak Moyiz pou l bay Lalwa+, men, se ak Jezi Kris li sèvi pou l fè moun favè san parèy+ e pou l bay laverite+. 18  Okenn moun pa janm wè Bondye+. Se sèl dye Bondye fè a+, li menm ki bò kot Papa a*+, ki esplike kiyès Bondye ye+. 19  Men temwayaj Jan te bay lè Juif yo te voye prèt ak Levit sot Jerizalèm pou yo vin mande l: “Kiyès ou ye+?” 20  Li te reponn byen klè. Li pa t fè kòmsi li pa konnen. Li te di: “Se pa mwen menm ki Kris la.” 21  Yo te mande l: “Ki moun ou ye menm? Èske w se Eli+?” Li reponn yo: “Mwen pa Eli.” Yo di l: “Èske w se Pwofèt la+?” Li reponn: “Non.” 22  Se sa k fè yo di l: “Kiyès ou ye menm? Di nou pou nou ka bay moun ki voye nou yo yon repons. Kiyès ou di w ye?” 23  Li di: “Mwen se moun k ap di byen fò nan dezè a: ‘Fè chemen an dwat pou Jewova*+’, jan pwofèt Ezayi te di sa+.” 24  Moun sa yo se Farizyen yo ki te voye yo. 25  Se sa k fè yo mande l: “Ebyen, si w pa ni Kris la, ni Eli, ni Pwofèt la, poukisa w ap batize moun?” 26  Jan reponn yo, li di: “Mwen batize moun nan dlo. Men, gen yon moun ki nan mitan nou, yon moun nou pa konnen, 27  k ap vin apre m, menm kòd sandal li mwen pa menm merite pou m demare+.” 28  Bagay sa yo te pase nan vil Betani ki pa lòtbò Rivyè Jouden an, kote Jan t ap batize moun nan+. 29  Nan demen, li wè Jezi k ap vin kote li ye a e li di: “Gade, men Ti Mouton+ Bondye a k ap retire peche+ monn nan+! 30  Se de li mwen t ap pale lè m te di: ‘Gen yon moun k ap vini apre m ki pran devan m, paske li te egziste anvan m+.’ 31  Menm mwen menm, mwen pa t konnen l, men, rezon ki fè mwen vin batize moun nan dlo a se pou Izrayèl ka vin konnen l+.” 32  Epitou, Jan te bay temwayaj, li te di: “Mwen wè lespri a desann sot nan syèl la sou fòm yon pijon, e li rete anlè tèt li+. 33  Menm mwen menm, mwen pa t konnen l, men Sila a ki voye m batize moun nan dlo a te di m: ‘Sou moun ou wè lespri a desann e li rete anlè tèt li a+, se li menm k ap batize moun nan lespri sen an+.’ 34  Mwen wè sa, e mwen fè konnen aklè moun sa a se Pitit Bondye a+.” 35  Nan demen ankò, Jan te kanpe avèk de nan disip li yo, 36  e pandan li t ap gade Jezi k ap pase, li di: “Men Ti Mouton+ Bondye a!” 37  Lè de disip yo tande sa l di a, yo suiv Jezi. 38  Apre sa, Jezi vire, li wè yo k ap suiv li, e li di yo: “Ki sa nou vle?” Yo di l: “Rabi (ki vle di: “Anseyan”), kote w rete?” 39  Li di yo: “Vini, epi n a wè.” Vrèmanvre, yo ale e yo wè kote l rete a, e yo rete avè l jou sa a. Li te anviwon dizyèm èdtan* nan jounen an. 40  Andre+, frè Simon Pyè a, se te youn nan de disip Jan ki te tande sa Jan te di a e ki te suiv Jezi. 41  Premye bagay li fè, l al jwenn Simon, frè l la, e li di l: “Nou jwenn Mesi a+” (ki vle di: “Kris”). 42  Epi, li mennen Simon kot Jezi. Lè Jezi gade l, li di: “Ou se Simon+, pitit Jan. Y ap rele w Sefas” (ki vle di: “Pyè*+”). 43  Nan demen, Jezi te vle al Galile. Li jwenn Filip+ e li di l: “Suiv mwen.” 44  Twouve, Filip se te moun Betsayida, moun menm vil ak Andre ak Pyè. 45  Filip jwenn Natanayèl+ e li di l: “Nou jwenn moun Moyiz te ekri sou li nan Lalwa a, moun pwofèt yo te ekri sou li a: se Jezi, pitit Jozèf la+, moun Nazarèt.” 46  Men, Natanayèl di l: “Ki bon bagay ki ka soti Nazarèt?” Filip di l: “Vini w a wè.” 47  Jezi wè Natanayèl k ap vin kote l, epi li di: “Gade! Men yon Izrayelit ki vrèman pa gen riz nan li+.” 48  Natanayèl di l: “Ki jan w fè konnen m?” Jezi reponn, li di l: “Mwen te wè w depi anvan Filip te rele w, lè w te anba pye fig frans lan.” 49  Natanayèl reponn: “Anseyan*, ou se Pitit Bondye a, ou se Wa Izrayèl+.” 50  Jezi di l: “Èske w kwè sa paske m di w mwen te wè w anba pye fig frans lan? Ou gen pou w wè pi gwo bagay pase sa.” 51  Apre sa, li di l: “Anverite m ap di nou sa: N ap wè syèl la ouvè e n ap wè zanj Bondye yo k ap monte desann vin kot Pitit lòm nan+.”

Nòt anba paj

Oswa: “te tankou Bondye”.
Oswa: “ak favè san parèy”.
Lit.: “Pawòl la te vin tounen chè”.
Lit.: “fè nou tout favè san parèy sou favè san parèy”.
Oswa: “li menm ki te nan sen Papa a”. Sa vle di nan yon pozisyon espesyal.
Vè katrè nan aprèmidi.
Ni “Sefas” ni “Pyè” vle di: “Wòch”.
Lit.: “Rabi”.