Kolosyen 3​:​1-25

  • Ansyen pèsonalite a ak nouvo pèsonalite a (1-17)

    • Fè manm kò nou mouri (5)

    • Lanmou se yon chenn ki ini moun yon fason ki san fay (14)

  • Konsèy pou fanmi kretyen yo (18-25)

3  Sepandan, si nou resisite avèk Kris+, kontinye chèche bagay ki anwo yo, kote Kris chita adwat Bondye a+.  Kontinye fikse lespri nou sou bagay ki anwo yo+, pa fikse lespri nou sou bagay ki sou tè a+.  Paske nou te mouri, e lavi nou nan men Kris paske se sa Bondye vle.  Lè Kris va parèt, li menm ki lavi nou+, lè sa a, nou menm tou, n ap parèt avèk li nan laglwa+.  Se poutèt sa, fè manm kò nou+ ki sou tè a mouri anrapò ak imoralite seksyèl*, salte, dezi seksyèl san kontwòl+, anvi pou nou fè sa ki mal, e anrapò ak tanta, ki se idolatri.  Se akoz bagay sa yo kòlè Bondye ap vini.  Se konsa tou nou te konn aji* anvan nou te chanje lavi nou*+.  Men kounye a, kanta pou kòlè, raj, mechanste+, jouman+, voye tout bagay sa yo jete lwen nou nèt, e mo sal+ pa dwe soti nan bouch nou.  Pinga youn bay lòt manti+. Retire ansyen pèsonalite a*+ sou nou ansanm ak abitid li yo, 10  e abiye nou ak nouvo pèsonalite a+, li menm k ap renouvle grasa konesans egzak la selon pòtre Sila a ki te kreye l la+. 11  Nan ka sa a, pa gen ni Grèk ni Juif, ni moun ki sikonsi ni moun ki pa sikonsi, ni etranje ni Sit*, ni esklav ni moun ki lib. Men, Kris se tout bagay e li nan nou tout+. 12  Se sa k fè, antanke moun Bondye chwazi+, moun ki sen, moun yo renmen, se pou nou abiye nou ak yon afeksyon e ak yon tandrès ki sot nan yon kè ki sansib+, e se pou nou abiye nou ak bonte, imilite+, dousè+ ak pasyans+. 13  Menmsi yon moun gen dekwa pou l plenyen kont yon lòt+, se pou youn kontinye sipòte lòt e se pou youn kontinye padone lòt ak tout kè l+. Menm jan Jewova* padone nou ak tout kè l, nou menm tou, nou dwe fè menm jan an+. 14  Men, anplis tout bagay sa yo, abiye nou ak lanmou+, paske li se yon chenn ki ini moun yon fason ki san fay+. 15  Epitou, kite lapè Kris la dirije* kè nou+, paske anfèt, yo te rele nou nan lapè sa a nan yon sèl kò. Epi, montre nou gen rekonesans. 16  Kite pawòl Kris la abite nan nou nèt ak tout sajès. Se pou youn kontinye anseye lòt e se pou youn kontinye ankouraje lòt ak sòm+, ak louwanj pou Bondye, ak chante espirityèl nou chante avèk rekonesans*, se pou nou chante ak tout kè nou pou Jewova*+. 17  Kèlkeswa sa n ap fè, kit se nan pawòl nou, kit se nan aksyon nou, fè tout bagay nan non Seyè Jezi, e remèsye Bondye, Papa a, pa mwayen li+. 18  Nou menm madanm, se pou nou soumèt devan mari nou+, jan sa dwe fèt nan Seyè a. 19  Nou menm mari, se pou nou kontinye renmen madanm nou+, epi pa eksite sou yo*+. 20  Nou menm timoun, se pou nou obeyi paran nou nan tout bagay+, paske sa fè Seyè a plezi anpil. 21  Nou menm papa, pa tingting timoun nou yo+ pou fè yo fache*, dekwa pou yo pa dekouraje. 22  Nou menm esklav, se pou nou obeyi moun ki mèt nou yo*+ nan tout bagay. Nou pap fè sa lè y ap gade nou sèlman, kòmkwa se moun n ap fè plezi*, men n ap fè sa avèk yon kè ki sensè, avèk lakrentif pou Jewova*. 23  Kèlkeswa sa n ap fè, fè l ak tout nanm* nou, tankou se pou Jewova*+, e non pa pou lèzòm, 24  paske nou konnen se nan men Jewova* n ap resevwa eritaj la kòm rekonpans+. Travay antanke esklav pou Mèt la, anpalan de Kris. 25  Se sèten, yon moun k ap fè mal ap rekòlte mal li fè a+, e pa gen patipri+.

Nòt anba paj

Mo grèk la se pòneya. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “nou te konn mache”.
Oswa: “lè nou t ap viv fason sa a”.
Lit.: “ansyen moun nan”.
Mo “Sit” la kapab vle di moun ki te pi sovaj ki te egziste.
Oswa: “kontwole”.
Oswa: “nou chante byen”.
Oswa: “epi pinga nou di avè yo”.
Oswa: “pou pwovoke yo”.
Lit.: “mèt nou nan lachè yo”.
Lit.: “Nou pap fè sa pou fè wè, tankou moun k ap fè moun plezi”.