Neyemi 1​:​1-11

  • Nouvèl ki soti Jerizalèm (1-3)

  • Priyè Neyemi an (4-11)

1  Men pawòl Neyemi*+, pitit gason Akalya a, te di: Nan 20yèm ane rèy wa Atagzèsès, nan mwa Kislèv*, mwen te nan sitadèl* Souz la+.  Nan moman sa a, Anani+, youn nan frè m yo, ak kèk lòt mesye ki moun Jida te vin vizite m. Mwen te mande yo nouvèl rès Juif ki te sot ann egzil yo+ e mwen te mande yo nouvèl Jerizalèm.  Yo te di m: “Moun ki rete nan tèritwa a ki te sot ann egzil yo nan yon sitiyasyon ki pa bon menm e y ap viv nan lawont+. Miray Jerizalèm yo kraze+ e yo boule pòtay li yo+.”  Kou m tande pawòl sa yo, mwen chita e m tonbe kriye. Mwen te fè plizyè jou nan lapenn. Mwen te ret san manje+ e mwen te priye Bondye k ap dirije nan syèl la.  Mwen te di: “O Jewova, Bondye k ap dirije nan syèl la, Bondye ki gran an, ou menm ki merite pou moun gen lakrentif pou ou, ki respekte alyans ou fè, ki montre ou gen lanmou ki fidèl pou moun ki renmen w e ki obeyi kòmandman w+,  tanpri, panche zòrèy ou pou w koute priyè mwen menm, sèvitè w la, ap fè devan w jodi a. M ap priye w lajounen kou lannuit+ pou Izrayelit yo, sèvitè w yo, pandan m ap konfese peche pèp Izrayèl la fè kont ou. Ni mwen menm, ni pèp mwen an*+, nou tout peche.  Nou vrèman aji mal kont ou+, paske nou pa obeyi kòmandman w yo, lòd ou yo ak lwa w te bay Moyiz, sèvitè w la+.  “Tanpri, sonje kòmandman* ou te bay Moyiz, sèvitè w la, lè w te di: ‘Si nou pa fidèl, m ap gaye nou nan mitan pèp yo+.  Men, si nou vin jwenn mwen, nou suiv kòmandman m yo e nou obeyi yo, menmsi nou ta gaye jis nan dènye pwent syèl la, m ap rasanble nou+ e m ap mennen nou kote m chwazi pou nou bay non m glwa a+.’ 10  Se sèvitè w yo ye e yo se pèp ou, ou te delivre yo ak fòs ou ki san parèy e avèk pisans ou+. 11  O Jewova, tanpri, panche zòrèy ou pou w koute priyè sèvitè w la, koute priyè sèvitè w la ki pran plezi nan lakrentif pou non w. Tanpri, fè sèvitè w la reyisi jodi a e fè wa a gen pitye pou mwen+.” Lè sa a, se mwen menm ki te konn sèvi wa a bwason+.

Nòt anba paj

Sa vle di: “Ja bay konsolasyon”.
Oswa: “palè; fòtrès”.
Lit.: “ni kay papa m”.
Oswa: “avètisman”.