Tit 2​:​1-15

  • Bon ansèyman pou jèn yo ak granmoun yo (1-15)

    • Rejte konduit ki dezonore Bondye (12)

    • Se pou nou zele pou nou fè bèl travay (14)

2  Men ou menm, kontinye di bagay ki rete kole sou ansèyman ki pwofitab la+.  Se pou granmoun gason yo gen kontwòl tèt yo, se pou yo serye, se pou yo gen bonsans, se pou yo solid nan lafwa, nan lanmou ak nan andirans.  Menm jan an tou, se pou granmoun fi yo gen yon konduit ki montre yo gen respè pou Bondye, se pou yo pa nan fè medizans, pou yo pa esklav anpil bwason ki gen alkòl, pou yo anseye sa ki byen,  yon fason pou yo bay jèn medam yo konsèy* pou yo renmen mari yo, pou yo renmen pitit yo,  pou yo gen bonsans, pou lavi yo pwòp, pou yo fè travay nan kay yo*, pou yo se bon moun, pou yo soumèt devan mari yo+, dekwa pou moun pa pale pawòl Bondye a mal.  Menm jan an tou, kontinye ankouraje jèn gason yo pou yo gen bonsans+.  E ou menm, nan tout bagay, montre w se yon egzanp nan akonpli bèl travay. Bay yon ansèyman ki pa kontamine e montre ou serye+,  pale pawòl ki kòrèk, pawòl moun pa ka kritike+, yon fason pou opozan yo kapab wont, paske yo pap gen anyen mal pou yo di sou nou+.  Se pou esklav yo soumèt devan mèt yo nan tout bagay+, se pou yo eseye fè yo plezi, e yo pa dwe nan replike, 10  yo pa dwe vòlè mèt yo+, men yo dwe montre yo se moun ki merite pou moun fè yo konfyans totalman, dekwa pou yo ka anbeli ansèyman Bondye, Sovè nou an, nan tout bagay+. 11  Paske, favè san parèy Bondye a, ki pote delivrans pou tout kalite moun, vin parèt aklè+. 12  Li montre nou pou nou rejte konduit ki dezonore Bondye, pou nou rejte dezi ki nan monn nan+, e pou nou viv avèk bonsans ak jistis ak atachman pou Bondye nan sistèm sa a*+, 13  pandan n ap tann esperans ki bay kè kontan an+, e pandan n ap tann pou Bondye, li menm ki gran an, ansanm ak Sovè nou an, Jezi Kris, parèt avèk glwa. 14  Kris te bay tèt li pou nou+ pou l ka delivre nou*+ anba tout sa lalwa kondane e pou l ka pirifye yon pèp pou li menm, yon pèp ki rele l pa l, ki zele pou l fè bèl travay+. 15  Kontinye pale bagay sa yo, kontinye bay ankourajman* e kontinye reprimande ak tout dwa w genyen+. Pa kite moun meprize w.

Nòt anba paj

Oswa: “pou yo fè jèn medam yo pran tèt yo; pou yo bay jèn medam yo fòmasyon”.
Oswa: “pou yo pran swen kay yo”.
Oswa: “nan tan sa a”. Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “pou l rachte nou”.
Oswa: “kontinye konvenk”.