Women 8​:​1-39

  • Grasa lespri a, nou jwenn lavi ak libète (1-11)

  • Lespri ki pèmèt Bondye adopte moun nan bay temwayaj (12-17)

  • Kreyasyon an pral gen libète pitit Bondye yo genyen an (18-25)

  • ‘Lespri a sipliye pou nou’ (26, 27)

  • Moun Bondye chwazi davans yo (28-30)

  • N ap pot laviktwa grasa lanmou Bondye (31-39)

8  Kidonk, pa gen kondanasyon pou moun ki ann inyon ak Kris Jezi.  Paske, lwa lespri sa a ki bay lavi ann inyon ak Kris Jezi a libere w+ anba lwa peche ak lanmò a.  Anfèt, sa Lalwa pa t kapab fè a+, etandone lachè te rann li fèb+, Bondye te fè l lè l te voye pwòp Pitit li a+ nan yon kò ki sanble ak kò peche a+, pou l ka fini nèt ak peche. E konsa, Li kondane peche ki nan lachè a,  dekwa pou nou menm k ap mache selon lespri, men ki pap mache selon lachè+, nou ka fè sa Lalwa mande yo ki jis+.  Paske, moun k ap mache selon lachè fikse panse yo sou bagay lachè+, men moun k ap mache selon lespri fikse panse yo sou bagay lespri+.  Anfèt, moun ki fikse panse yo sou lachè ap jwenn lanmò+, men moun ki fikse panse yo sou lespri ap jwenn lavi ak lapè+.  An reyalite, moun ki fikse panse yo sou lachè vin ènmi Bondye+, paske lachè pa soumèt anba lwa Bondye. Anfèt, li pa ka soumèt anba l.  Konsa, moun k ap mache selon lachè pa ka fè Bondye plezi.  Men nou menm, nou pap mache selon lachè, men n ap mache selon lespri+, si vrèman lespri Bondye abite nan nou. Men, si yon moun pa gen mantalite* Kris genyen an, moun sa a pa pou li. 10  Men, si Kris ann inyon avèk nou+, kò a mouri akoz peche, men lespri a se lavi paske yo deklare nou jis. 11  Kounye a, si lespri Sila a ki te leve Jezi pami mò yo abite nan nou, Sila a ki te leve Kris Jezi pami mò yo+ pral bay kò nou ki kapab mouri lavi tou+, grasa lespri l ki abite nan nou. 12  Se sa k fè, frè m yo, nou gen yon obligasyon devan nou, men se pa anvè lachè pou nou viv selon lachè+. 13  Paske, si n ap viv selon lachè, se sèten n ap mouri. Men, si move bagay kò a ap pratike yo+, nou fè yo mouri grasa lespri a, n ap viv+. 14  Paske, tout moun lespri Bondye ap gide se pitit Bondye yo ye toutbon+. 15  Paske, nou pa t resevwa yon lespri ki fè nou vin esklav e ki fè nou vin pè ankò, men nou resevwa yon lespri ki pèmèt Bondye adopte nou antanke pitit li, e se lespri sa a ki fè n ap di byen fò: “O Papa*, Papa+!” 16  Lespri a li menm ansanm ak lespri pa nou bay temwayaj+ nou se pitit Bondye+. 17  Donk, si nou se pitit, nou se eritye tou. Wi, nou se eritye Bondye, men n ap gen menm eritaj+ ak Kris, depi nou soufri avèk li+ pou nou ka jwenn glwa ansanm avèk li tou+. 18  Paske, mwen konsidere soufrans n ap andire kounye a pa reprezante anyen lè nou konpare yo ak glwa ki pral parèt aklè nan ka pa nou+. 19  Paske, kreyasyon an ap tann avèk anpil enpasyans pou pitit Bondye yo parèt aklè nan laglwa+. 20  Paske, yo te soumèt kreyasyon an anba vanite+. Se pa t kreyasyon an ki te vle sa, men se akoz Sila a ki te soumèt li a. Epi, men esperans li te tou bay: 21  Kreyasyon an li menm tou pral libere+ anba esklavaj yon kò k ap depafini e li pral gen libète pitit Bondye yo genyen an nan laglwa. 22  Paske, nou konnen tout kreyasyon an kontinye ap plenn ansanm e yo kontinye ap soufri ansanm jiska prezan. 23  Nonsèlman sa, men nou menm tou ki gen lespri a kòm yon avangou*, wi, n ap plenn nan nou menm+, pandan n ap tann avèk enpasyans pou Bondye adopte nou kòm pitit+, lè nou libere anba kò nou genyen an grasa ranson an. 24  Paske, nou te sove pandan nou gen esperans sa a. Men, lè w wè yon bagay ou te espere, ou pa espere l ankò, paske, lè yon moun wè yon bagay li te espere, èske li espere l toujou? 25  Men si nou espere+ sa nou pa wè+, nou kontinye tann li avèk enpasyans e avèk andirans+. 26  Se menm jan an, lespri a vin ede nou tou nan feblès nou+. Paske, men pwoblèm nan: Sa nou dwe mande nan priyè nou selon bezwen nou, nou pa konnen l, men lespri a li menm li sipliye pou nou anrapò ak soupi nou fè ki pa soti. 27  Men, Sila a ki egzamine kè yo+ konnen ki sa lespri a vle di, paske se ann akò ak volonte Bondye l ap sipliye pou moun ki sen yo. 28  Nou konnen Bondye fè tout travay li mache ansanm pou byen moun ki renmen l yo, moun li rele ann amoni ak objektif li+. 29  Paske, moun li te rekonèt an premye yo, li te deside davans tou pou yo reflete pòtre Pitit li a+, dekwa pou Pitit li a kapab premye pitit+ nan mitan yon pakèt frè+. 30  Anplis, moun li te chwazi davans yo+ se yo menm tou li rele+, e moun li rele yo se yo menm tou li deklare ki jis+. Finalman, moun li deklare ki jis yo se yo menm tou li fè jwenn glwa+. 31  Donk, ki sa nou gen pou n di sou bagay sa yo? Si Bondye pou nou, kiyès ki ka kanpe anfas nou+? 32  Piske li pa t menm epaye pwòp Pitit li a, men li te bay li pou nou tout+, èske li menm avèk Pitit li a pap byen kontan ban nou tout lòt bagay yo tou? 33  Kiyès ki ka akize moun Bondye chwazi yo+? Se Bondye li menm ki deklare yo jis+. 34  Kiyès moun ki ka kondane yo? Se Kris Jezi li menm ki te mouri, wi, mete sou sa, se li menm Bondye te leve a, se li menm ki adwat Bondye+ e se li menm tou k ap sipliye pou nou+. 35  Ki sa ki ka separe nou ak lanmou Kris la gen pou nou an+? Èske se tribilasyon, oswa detrès, oswa pèsekisyon, oswa grangou, oswa touni, oswa danje, oswa epe+? 36  Tankou sa ekri: “Poutèt ou menm, tout lajounen y ap touye nou, yo konsidere nou tankou mouton y ap mennen labatwa+.” 37  Okontrè, nan tout bagay sa yo, nou pot yon viktwa total+ grasa Sila a ki renmen nou an. 38  Paske, mwen gen konviksyon ni lanmò, ni lavi, ni zanj, ni gouvènman, ni bagay ki la kounye a, ni bagay ki gen pou vini, ni pisans+, 39  ni bagay ki wo, ni bagay ki ba, ni okenn lòt kreyasyon pap kapab separe nou ak lanmou Bondye ki nan Kris Jezi, Seyè nou an.

Nòt anba paj

Lit.: “espri”.
Lit.: “Abba”. Se yon mo ki soti nan lang ebre oswa nan lang arameyen timoun te konn itilize lè y ap pale ak papa yo pou montre afeksyon ak respè yo gen pou yo.
Lit.: “premye fwi”.