Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Bonjan repons

Bonjan repons

ENTWODIKSYON

Bonjan repons

‘Ki jan m ka kominike ak paran m?’ ‘Ki jan m ka fè zanmi?’ ‘Ki mal ki genyen nan fè sèks jis pou plezi?’ ‘Poukisa mwen tris?’

Si w konn poze tèt ou kesyon sa yo, konnen se pa ou sèl. Selon kote w chèche repons yo, ou ka jwenn diferan repons ki pa mache youn ak lòt. Pou ede jèn yo jwenn bonjan konsèy, an janvye 1982, Reveye n! (anglè) te vini ak yon seri atik ki baze sou Bib la ki gen tit: “Kesyon jèn yo konn poze.” Jounen jodi, malgre sa fè plizyè ane depi yo vin ak atik sa yo, anpil moun twouve yo itil e yo kontan li yo. Yo fè anpil rechèch pou yo ekri chak atik. Anfèt, moun k ap ekri Reveye n! yo te pale ak plizyè santèn jèn toupatou sou tè a pou yo te ka konnen ki jan jèn yo panse e ki jan yo santi yo. Men, sa k pi enpòtan an sèke konsèy ki nan atik “Kesyon jèn yo konn poze” yo baze sou Labib, Pawòl Bondye a.

Premye fwa yo te pibliye liv ki nan men w lan se te an 1989. Men, yo te revize chapit yo nèt pou yo fè yo adapte ak pwoblèm jèn yo ap rankontre jounen jodi a. Yo adapte plis pase 30 chapit ki soti nan atik “Kesyon jèn yo konn poze” yo te pibliye ant 2004 e 2011.

Liv Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze a, Volim 1, ap ba w sa w bezwen pou w vin yon granmoun ki responsab. Nou espere w ap suiv konsèy ou jwenn ladan l yo, konsa, w ap vin mete ansanm ak plizyè milyon moun, granmoun kou jèn, ki “rive fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal paske yo antrene kapasite yo genyen pou yo konprann nan afòs yo sèvi avè l”. — Ebre 5:14.

Editè yo