Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SEKSYON 4

Aktivite Jezi fè annapre nan Jide

“Priye Mèt rekòt la pou l voye travayè.” — Lik 10:2.

Aktivite Jezi fè annapre nan Jide

NAN SEKSYON SA A

CHAPIT 66

Li nan Jerizalèm pou fèt Tabènak yo

Ki sa k te fè moun sa yo ki t ap koute Jezi yo panse li gen yon demon sou li?

CHAPIT 67

“Pa janm gen yon moun ki pale konsa”

Anfèt, prèske tout moun ki fè pati tribinal Juif la kont Jezi, men gen yon manm pami yo ki pale an byen de Jezi avèk kouraj.

CHAPI 68

Pitit Gason Bondye a se “limyè pou monn nan”

Jezi te di li se “laverite ap libere nou”. Libere nou anba ki sa?

CHAPIT 69

Èske se Abraram ki papa yo oswa Dyab la?

Jezi montre yo fason yo ka rekonèt pitit Abraram yo, ak kiyès Papa l ye toutbon.

CHAPIT 70

Jezi geri yon mesye ki fèt tou avèg

Disip yo mande poukisa mesye sa a avèg. Èske se akoz peche l? Oswa peche paran l? Moun yo pa t reyaji menm jan lè Jezi geri mesye a.

CHAPIT 71

Farizyen yo bay mesye ki te avèg la pwoblèm

Rezònman mesye ki avèg la fè a fè Farizyen yo fache. Sa paran mesye a te pè ki pou pa rive a se sa k te rive, Farizyen yo mete mesye a deyò nan sinagòg la.

CHAPIT 72

Jezi voye 70 disip al preche

Jezi voye 70 disip al preche Wayòm nan nan Jide. Ki kote disip yo t ap preche? Nan sinagòg oswa lakay moun?

CHAPIT 73

Yon Samariten ki montre l se yon bon pwochen

Ki jan Jezi sèvi ak parabòl “bon Samariten an” pou l anseye yon leson enpòtan?

CHAPIT 74

Leson konsènan akeyi moun ak lapriyè

Jezi al lakay Mari ak Mat. Ki sa li anseye konsènan akeyi moun? Annapre, ki sa li anseye disip li yo anrapò ak sa pou yo mande nan priyè yo?

CHAPIT 75

Jezi montre sa k bay kè kontan

Jezi pale konsènan ‘dwèt Bondye’ e kòman ‘Wayòm Bondye a rive sou yo toutbon’. Anplis de sa, li fè konnen fason moun ka jwenn vrè kè kontan an.

CHAPIT 76

Jezi ap manje ak yon Farizyen

Jezi montre aklè Farizyen yo ak espè nan Lalwa yo ipokrit. Ki chay lou yo te met sou do pèp la?

CHAPIT 77

Jezi bay konsèy konsènan richès

Jezi bay egzanp yon mesye rich ki konstwi yon pi gwo magazen. Ki konsèy li bay konsènan danje ki genyen nan chèche richès?

CHAPIT 78

Se pou entandan fidèl la montre li pare!

Jezi montre li enterese nan byennèt espirityèl disip li yo. Ki wòl entandan fidèl la t apral jwe nan byennèt espirityèl yo? Poukisa li enpòtan pou nou montre nou pare?

CHAPIT 79

Rezon ki fè destriksyon an ap vini

Jezi di moun l ap eseye ede yo sou wout pou yo detwi si yo pa repanti. Èske y ap rive konprann pwen enpòtan Jezi ap eseye anseye yo anrapò ak relasyon yo gen ak Bondye?

CHAPIT 80

Bon bèje a ak pak mouton l yo

Fason yon bèje boule ak twoupo mouton l byen montre santiman Jezi genyen pou disip li yo. Èske yo konnen ansèyman l yo epi yo suiv li?

CHAPIT 81

Li menm ak Papa a se youn, men li pa Bondye

Gen moun k ap kritike Jezi, yo akize l kòmkwa li ta fè konprann li egal ak Bondye. Ki jan Jezi rejte fo akizasyon sa a avèk ladrès?