Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske li nòmal pou se konsa m santi m?

Èske li nòmal pou se konsa m santi m?

GEN yon mesye ki te gen yon moun pa l ki mouri, men sa li ekri: “Lè m te timoun ann Angletè, yo te aprann mwen pou m pa eksprime santiman mwen genyen devan moun. Papa m te yon ansyen militè, e lè m te gen yon bagay ki te fè m lapenn, mwen sonje li te konn di m ak dan sere: ‘Pa vin kriye la a!’ Mwen pa sonje manman m te janm bo m ni m pa sonje li te janm pran m nan bra l, e m pa sonje li te janm fè sa pou okenn nan lòt timoun yo (nou te kat). Mwen te gen 56 an lè papa m mouri. Se te yon gwo chòk pou mwen dèske li pa t la ankò. Poutan, okòmansman mwen pa t ka kriye.”

Gen kote sou tè a, moun eksprime santiman yo gen nan kè yo san okenn pwoblèm. Moun ka konnen santiman yo genyen byen fasil, kit yo gen kè kontan, kit yo tris. Gen kèk lòt kote, sitou nan nò Ewòp ak nan zòn Grann Bretay, yo fòme moun yo, sitou gason yo, yon fason pou yo kache santiman ki nan kè yo. Men, lè yon moun gen moun mouri, èske se yon bagay mal pou l montre lapenn li genyen? Ki sa Labib di sou sa?

Kèk moun Labib di ki te kriye

Se Ebre ki te soti nan lès Meditèrane ki te ekri Labib, se te yon seri moun ki te alèz pou yo montre sa k nan kè yo. Labib site egzanp anpil moun ki te demontre lapenn yo devan lòt moun. Wa David te gen anpil lapenn lè yo te touye Amnon, pitit li. Anfèt, li te “kriye anpil”. (2 Samyèl 13:28-39.) Li te menm gen lapenn pou Absalon, pitit gason l ki te trèt la e ki te eseye pran pouvwa a nan men l. Men sa Labib fè nou konnen: “Sa boulvèse wa a [David], li monte nan chanm ki te sou tèt pòtay vil la, li tonbe kriye, e pandan l ap mache, li t ap di: ‘Pitit gason m, Absalon, pitit gason m, pitit gason m, Absalon! Pito se mwen ki te mouri nan plas ou, Absalon, pitit gason m, pitit gason m!’” ​(2 Samyèl 18:33). David te gen lapenn menm jan ak nenpòt papa. E se vre, byen souvan paran yo ta pito se yo menm ki mouri nan plas pitit yo. Paske sa pa sanble nòmal ditou pou yon pitit mouri anvan paran l.

Ki sa Jezi te fè lè Laza, zanmi l lan, te mouri? Li te kriye lè l t ap pwoche bò tonm yo te antere l la (Jan 11:30-38). Kèk tan apre, Mari, moun Magdala, te kriye lè l te rive bò tonm yo te mete Jezi a (Jan 20:11-16). Kontrèman ak moun ki pa byen konprann sa Labib di sou moun ki mouri yo, kretyen yo ki konprann sa Labib di sou esperans rezirèksyon an pa enkonsolab lè yo gen moun mouri. Men, yon kretyen se yon moun menm jan ak tout moun. Menmsi l gen esperans rezirèksyon an, lè l pèdi yon moun pa l, li gen lapenn e li chagren. — 1 Tesalonisyen 4:13, 14.

Kriye oubyen pa kriye?

Jodi a, ki jan nou reyaji lè nou gen moun mouri? Èske w twouve li difisil pou w montre santiman ou gen nan kè w oubyen èske w jennen pou w fè sa? Ki sa moun k ap bay konsèy nan domèn sa a ankouraje moun fè? Byen souvan, sa yo di yo sanble se repete yo repete sa Labib di. Yo di lè nou nan lapenn, nou pa dwe kache sa. Sa fè nou sonje yon seri mesye nan tan lontan ki te fidèl, tankou Jòb, David ak Jeremi, ki te gen lapenn e ki te montre sa, jan sa parèt nan Bib la. Yo pa t kache sa yo te gen nan kè yo. Se sa k fè li pa saj pou w mete kò w apa (Pwovèb 18:1). Natirèlman, tout moun pa demontre lapenn yo menm jan, sa depann de kote moun nan soti ak kwayans moun nan zòn nan genyen nan domèn relijyon *.

Bon, e si w ta santi ou anvi kriye? Kriye se yon bagay ki natirèl. Sonje lè Laza te mouri, Jezi te ‘plenn nan kè l. Epi dlo te koule nan je l’. (Jan 11:33, 35.) Konsa, li te montre se yon bagay nòmal pou yon moun kriye lè l gen moun mouri.

Li nòmal pou w gen lapenn e pou w kriye lè w gen moun pa w ki mouri.

Sa parèt klè nan ka Anne ki te gen yon tibebe ki te rele Rachel ki mouri sibit. Men sa mari l di: “Sa k te fè m sezi sèke ni mwen ni Anne pa t kriye nan antèman an, alòske tout lòt moun ki te la yo t ap kriye.” Men sa Anne di: “Se vre. Men, mwen te tèlman kriye apre sa, se kòmsi m te kriye pou nou toule de. Mwen panse se sèlman kèk semèn apre lanmò a mwen te vrèman reyalize sa k te pase a, se te yon jou mwen te poukont mwen nan kay la. Mwen te fè tout jounen an ap kriye. Men, mwen panse sa te ede m. Mwen te santi m pi byen apre sa. Fò m te kriye pou pitit mwen an mwen te pèdi a. Mwen kwè toutbon moun ki nan lapenn dwe kriye. Se vre, lòt moun ap toujou gen tandans di w ‘pa kriye’, men sa pap ede w vre.”

Fason kèk moun reyaji

Ki jan kèk moun reyaji lè yo nan lapenn paske yo pèdi yon moun pa yo? Ann pran egzanp Juanita. Li konnen ki jan yon moun santi l lè l pèdi yon tibebe. Li te deja fè senk foskouch, men li te vin ansent ankò. Nou ka konprann jan l te enkyè lè l te oblije entène lopital apre l te fè yon aksidan machin. De semèn apre, li vin gen tranche anvan lè. Yon ti tan apre sa, li te fè yon tibebe li te bay non Vanessa ki te peze yon tikras plis pase de liv. Men ki jan Juanita di l te santi l: “Se pa ti kontan m te kontan dèske m te resi gen yon pitit!”

Men, kè kontan l lan pa t dire. Kat jou apre, Vanessa mouri. Men sa Juanita di: “Mwen te santi m san fòs. Se kòmsi yo te pran dwa m te genyen pou m manman an nan men m. Mwen te santi m manke yon bagay. Lè m te tounen lakay, sa te di anpil pou m antre nan chanm nou te prepare pou Vanessa a e pou m gade leyèt mwen te achte pou li yo. Pandan de mwa ki te vin apre yo, mwen pa t sispann panse ak jou li te fèt la. Mwen pa t anvi wè pèsonn.”

Èske se yon reyaksyon ki egzajere? Li ka pa fasil pou lòt moun konprann sa, men, menm jan ak Juanita, moun ki te pèdi yon tibebe di sa fè yo lapenn menm jan sa t ap fè yo lapenn si se te yon moun ki te gentan gen anpil tan depi l ap viv ki mouri. Paran yon timoun renmen l depi nan vant. Yon manman pwòch anpil ak yon tibebe ki nan vant li. Donk, lè tibebe sa a mouri, manman an santi se yon moun tankou tout moun ki mouri. E se sa lòt moun bezwen konprann.

Ou ka santi w fache, ou ka santi w koupab

Gen yon lòt manman ki di jan l te santi l lè yo te anonse l pitit gason l ki te gen sizan mouri sibit akoz yon pwoblèm kè li te fèt avè l. “Mwen te gen plizyè reyaksyon: mwen te santi kò m lage, mwen pa t vle kwè sa k rive a, mwen te gen enpresyon se fòt mwen e m te fache paske mari m ak doktè a pa t reyalize nan ki pwen ka l te grav.”

Lè yon moun fache nan yon sitiyasyon konsa, se youn nan bagay ki montre li nan lapenn. Li kapab fache paske l santi doktè yo ak enfimyè yo te dwe fè plis efò pou yo pran swen moun nan. Oubyen li gendwa fache paske l santi sa zanmi l ak fanmi l di oswa sa yo fè se pa t sa yo te dwe di ni se pa t sa yo te dwe fè. Gen kèk moun ki konn fache paske yo santi moun ki mouri a te manke pran swen sante l. Men sa Stella di: “Mwen sonje mwen te fache kont mari m paske mwen te konnen sa te ka pa pase konsa. Mari m te malad anpil, men li pa t okipe sa doktè yo te di l.” Pafwa tou, gen moun ki konn fache kont moun ki mouri a akoz chay ki vin tonbe sou do yo apre lanmò a.

Gen kèk moun ki santi yo koupab, yo santi yo pa t dwe fache. Gen lòt moun ki repwoche tèt yo lè yo gen moun mouri. Yo di: “Si m te gentan fè l al kay doktè, li pa t ap mouri.” Oubyen yo ka di: “Si m te fè l al kay yon lòt doktè” oubyen: “Si m te fè l pran swen tèt li pi byen, li pa t ap mouri”.

Lè yon moun pèdi yon timoun sa fè l soufri anpil. Lè lòt moun aji avèk byenveyans e yo montre yo pataje lapenn paran yo, sa kapab ede yo.

Gen lòt rezon ankò ki konn fè moun ki vivan yo santi yo koupab, sitou si moun nan mouri sibit. Yo konn ret ap reflechi sou tout moman yo te fè kòlè sou moun nan oswa tout moman yo te fè diskisyon avè l. Oubyen yo gendwa santi yo pa t vrèman fè tout sa yo te dwe fè pou li lè l te vivan.

Anpil espesyalis fè konnen lè yon timoun mouri, sa kite yon vid nan lavi paran yo ki pap janm konble, sitou nan lavi manman an. E vrèman, anpil manman ki pèdi pitit yo fè anpil tan nan lapenn.

Lè w pèdi mari w oubyen madanm ou

Lapenn yon moun genyen lè l pèdi mari l oubyen madanm li se yon lòt kalite lapenn, sitou si de moun yo te gen anpil aktivite ansanm. Lè yon mari oubyen yon madanm mouri, sa vle di gen yon pakèt bagay ki fini tou, tankou fason yo te konn viv ansanm, vwayaj yo te konn fè, travay yo, detant yo te konn pran ansanm e lefètke youn te depann de lòt.

Men ki jan Eunice esplike sa k te rive lè mari l te mouri sibit ak yon kriz kadyak: “Pandan premye semèn nan, mwen te santi m san fòs, se kòmsi m te sispann fonksyone. Mwen pa t ka menm pran gou anyen ni pran sant anyen. Lespri m te kontinye fonksyone, men se kòmsi se pa t mwen menm ki t ap reflechi. Kòm mwen te avèk mari m lè yo t ap itilize teknik ak medikaman pou yo eseye reyanime l la, sa te fè li pa t difisil pou m aksepte li mouri vre. Poutan, mwen te vrèman santi m pa ka fè anyen, se kòmsi m t ap gade yon machin ki pral tonbe nan yon falèz epi pa gen anyen m ka fè pou m anpeche sa.”

Èske Eunice te kriye? Men sa l di: “Wi m te kriye, sitou lè m t ap li plizyè santèn lèt kondoleyans mwen te resevwa yo. Mwen te kriye lè m t ap li chak. Sa te ede m kenbe pou rès jounen an. Men, lè moun t ap plede mande m ki jan m santi m, sa pa t ede m. Sa te parèt klè, mwen te nan yon eta deplorab.”

Ki sa k te ede Eunice pou l kontinye viv malgre lapenn li te genyen an? Men sa l di: “San m pa rann mwen kont, mwen te deside kontinye viv jan m te konn abitye viv la. Sepandan, sa k toujou fè m mal se lè m sonje mari m te renmen lavi anpil poutan li pa la kounye a pou l jwi lavi a.”

“Pa kite lòt moun di w sa pou w fè...”

Men konsèy nou jwenn nan yon liv yo ekri sou fason pou moun fè fas ak lapenn yo genyen: “Pa kite lòt moun di w sa pou w fè oswa sa w dwe santi. Chak moun montre lapenn yo yon jan. Gen moun ki ka panse ou montre w gen twòp lapenn, genyen tou ki ka panse ou pa montre lapenn ou ase, e yo ka menm di w sa. Padone yo, epi bliye sa. Lè w fòse tèt ou aji jan moun vle w aji oswa jan sosyete a, an jeneral, vle w aji, sa ap anpeche w retounen nan nòmal ou.” — Leavetaking — When and How to Say Goodbye.

Natirèlman, tout moun pa menm, tout moun pa montre lapenn yo menm jan. Se pa di nou di fason yon moun montre chagren l pi bon pase fason yon lòt moun fè sa. Men, yon bagay ki kapab danjere, se lè moun ki nan lapenn nan pa janm sispann gen lapenn, li pa rive admèt sa k pase a pou l viv ak sa. Lè sa a, li ka nesesè pou l jwenn èd nan men zanmi ki konprann li. Men sa Labib di: “Yon bon zanmi demontre lanmou toutan, e li se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè.” Donk, ou pa bezwen pè chèche èd lòt moun, ou pa bezwen pè pale e ou pa bezwen pè kriye. — Pwovèb 17:17.

Lè w gen moun pa w ki mouri, li nòmal pou w gen lapenn e se pa yon mal si lòt moun wè sa. Men, gen kèk lòt kesyon ki mande yon repons: ‘Ki jan m ka viv ak lapenn mwen genyen an? Èske li nòmal pou m santi m koupab e pou m fache? Ki sa mwen ta dwe fè lè m santi m konsa? Ki sa k ka ede m andire soufrans mwen genyen lefètke moun nan pa la?’ W ap jwenn repons kesyon sa yo ak lòt kesyon ankò nan pati ki vin apre a.

^ § 8 Pa egzanp, gen yon pèp ki rele Owambo nan peyi Namibi, ann Afrik, ki kwè moun gen yon nanm ki pa ka mouri. Donk, lè yo gen moun mouri, yo abiye ak rad nwa, oswa yo mare tèt yo ak mouchwa blan oubyen mouchwa nwa. Yo konn tache yon moso twal nwa nan rad yo tou, pafwa tou yo mete rad yo lanvè oswa yo mete tout bagay tèt anba, pa egzanp mèb lakay yo. Temwen Jewova yo pa suiv okenn tradisyon ki baze sou sipèstisyon. Sipèstisyon sa yo soti nan yon seri kwayans kòmkwa moun gen yon nanm ki pa ka mouri, e kwayans sa yo pa soti nan Bib la. — Eklezyas 9:5, 10; Ezekyèl 18:4, 20.