Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 111

Rezon pou n gen kè kontan

Rezon pou n gen kè kontan

(Matye 5:12)

  1. 1. Rezon pou kè’n kontan yo anpil,

    Yo pa janm sispann ogmante.

    Tout moun ki gen anpil valè yo

    Se lakay Bondye y’ap antre.

    Lajwa nou an byen anrasinen

    Nan Labib, Pawòl Bondye a.

    Nou pa janm sispann fouye ladan’l,

    E sa fè nou vin gen lafwa.

    Tout bagay sa yo fè nou kontan,

    Yo tankou dife nan kè nou.

    Lè pwoblèm soti pou anvayi’n,

    Jewova pote nou sekou.

    (REFREN)

    Jewova ban nou kè kontan,

    Tout sa li kreye fè’n plezi.

    Panse’l yo pwofon, travay li yo gran.

    Pou bonte li n’ap di’l mèsi!

  2. 2. Nou kontan wè bèl bagay li fè:

    Syèl la, tè a ak sous dlo yo.

    Lè nou obsève kreyasyon an,

    Nou kontan, n’anvi bat bravo.

    Nou fyè dèske’n se Temwen Bondye,

    Paske n’ap fè konn Wayòm nan.

    N’ap di tout moun li deja tabli,

    E li pral pote bon chanjman.

    N’ap tann yon syèl ak yon tè tounèf,

    Lè sa’, n’ap kontan nètale.

    Paradi a se pral yon mèvèy,

    E n’ap viv pou letènite.

    (REFREN)

    Jewova ban nou kè kontan,

    Tout sa li kreye fè’n plezi.

    Panse’l yo pwofon, travay li yo gran.

    Pou bonte li n’ap di’l mèsi!