Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 23

Jewova kòmanse dirije

Jewova kòmanse dirije

(Revelasyon 11:15)

  1. 1. Wayòm nan la nan syèl la.

    Glwa pou Pitit Bondye a.

    L’ap domine kòm sèl Chèf sou Siyon.

    Ann chante pou’n di mèsi.

    E se pou nou tout rejwi.

    Se Kris Jezi, Sovè nou an,

    ki an fonksyon.

    (REFREN)

    Se pa mwayen Wayòm Jewova

    N’ap jwenn jistis ak verite.

    Wi, se grasa Wayòm Jewova

    N’ap ka gen lavi nètale.

    Louwe Bondye ki sèl Souvren,

    Li gen lanmou ak bonte.

  2. 2. Kris gen pouvwa toutbonvre,

    Amagedon vin pi pre.

    Talè konsa, sistèm sa’ pral fini.

    N’ap preche sou tout latè.

    N’ap chèche moun ki sensè.

    Moman’ rive pou yo

    pran pozisyon pou Li.

    (REFREN)

    Se pa mwayen Wayòm Jewova

    N’ap jwenn jistis ak verite.

    Wi, se grasa Wayòm Jewova

    N’ap ka gen lavi nètale.

    Louwe Bondye ki sèl Souvren,

    Li gen lanmou ak bonte.

  3. 3. N’ap louwe Jezi ki Wa.

    L’ap reye ak anpil glwa.

    Bondye ba’l pouvwa, nou tout dwe soumèt.

    Nan pòt tanp lan n’ap antre,

    n’ap chèche favè Bondye.

    Talè Jezi pral

    dirije tout bagay nèt.

    (REFREN)

    Se pa mwayen Wayòm Jewova

    N’ap jwenn jistis ak verite.

    Wi, se grasa Wayòm Jewova

    N’ap ka gen lavi nètale.

    Louwe Bondye ki sèl Souvren,

    Li gen lanmou ak bonte.