Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ou se trezò m!

Ou se trezò m!

Telechaje:

  1. 1. O cheri,

    Se ou ki moun pa’m nan.

    Mwen renmen’w,

    Ou fè kè’m kontan.

    Bèl kalite’w, lafwa’w,

    Tout sa fè mwen plezi.

    Avèk Bondye,

    N’ap gen yon bèl avni.

    Ou toujou byen soutni’m,

    Sa fè’m vin pi renmen’w.

    Mwen wè jan’w respekte’m,

    Mwen konnen’w fyè de mwen!

    (REFREN)

    Men nan lamen, n’ap vanse.

    Ansanm ansanm, n’ap rete.

    Jewova ede nou pi damou chak jou.

    Ou se trezò’m!

  2. 2. Ou se moun pa’m nan.

    Ou pran san’w pou’w koute’m.

    Nan tèt ansanm,

    N’ap travay pou Bondye.

    Mwen santi nan fon kè’m,

    Ou renmen mwen, doudou.

    Mwen vle di’w m’ap toujou

    Santi mwen fyè de ou.

    (REFREN)

    Men nan lamen, n’ap vanse.

    Ansanm ansanm, n’ap rete.

    Jewova ede nou pi damou chak jou.

    Ou se trezò’m!

    Men nan lamen, n’ap vanse.

    Ansanm ansanm, n’ap rete.

    Jewova ede nou pi damou chak jou.

    Ou se trezò’m!

    Ou se trezò’m!

    M’renmen’w.