Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KI KOTE MÈVÈY SA A SOTI?

Taktik myèl yo itilize pou yo poze

Taktik myèl yo itilize pou yo poze

MYÈL yo ka poze san pwoblèm nan prèske nenpòt direksyon. Ki jan yo rive fè sa?

Fè yon ti reflechi: Pou myèl yo rive poze alèz, sa mande pou yo prèske redui vitès yo t ap vole a nèt anvan yo poze. Youn nan fason ki lojik pou yo ta fè sa, se pou yo ta gen kontwòl sou de bagay: vitès y ap vole a ak distans ki separe yo ak kote yo vle poze a, epi chanje vitès la an konsekans. Men, taktik sa a t ap difisil pou pifò ensèk, etandone je yo prèske kole youn ak lòt e yo pa ka ajiste vizyon yo, sa vin fè yo pa ka kalkile distans ki separe yo ak kote y ap poze a.

Fason myèl yo wè a diferan anpil ak fason moun wè, paske je moun tou pèmèt yo gen yon ide sou distans ki separe yo ak sa y ap gade. Tandiske sanble pou myèl yo, se tou senpleman tank y ap pwoche pi pre yon bagay, se tank bagay la parèt pi gwo. Kidonk, plis y ap vin pi pre yon bagay, sanble se plis bagay la ap pi vit parèt pi gwo pou yo tou. Yo te fè yon seri eksperyans nan Inivèsite Nasyonal Ostrali a ki montre myèl yo redui vitès y ap vole a, yon fason pou gwosè imaj yo wè ki parèt devan yo a pa chanje. Konsa, distans pou myèl la rive kote l vle poze a, li gentan prèske redui vitès li nèt, sa fè li poze san pwoblèm.

Gen yon jounal ki di: “Taktik sa a yo itilize pou yo poze a tèlman senp e yo tèlman ka aplike l sou divès bagay, [...] li vrèman bon pou nou aplike l nan sistèm k ap gide wobo k ap vole yo.” — Proceedings of the National Academy of Sciences.

Ki sa w panse? Èske taktik myèl yo genyen pou yo poze a egziste grasa evolisyon? Oswa se fè yo te fè l?