Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ENTÈVYOU | FAN YU

Yon moun ki konn fè pwogram enfòmatik bay rezon ki fè l kwè nan yon Kreyatè

Yon moun ki konn fè pwogram enfòmatik bay rezon ki fè l kwè nan yon Kreyatè

DOKTÈ FAN YU te kòmanse karyè l kòm moun k ap fè rechèch nan domèn matematik nan Enstiti enèji atomik an Chin, ki toupre Peken. Alepòk, li pa t kwè nan Bondye e li te kwè nan teyori evolisyon an. Men, kounye a, doktè Yu kwè se nan Bondye lavi soti e se Bondye ki te kreye l. Youn nan moun ki ekri nan Reveye n! yo te poze l kèk kesyon konsènan lafwa li vin genyen an.

Fè yon ti pale n de ou, tanpri.

Mwen fèt an 1959 nan vil Fuzhou, ki nan nan eta Jiangxi, an Chin. Lè m te gen uitan, peyi a te sibi efè sa yo rele Refòm kiltirèl la. Yo te mande papa m, ki te yon enjenyè, pou l konstwi yon wout an ray nan yon dezè ki byen lwen. Pandan plizyè ane, li te ka vizite nou sèlman yon fwa pa ane. Nan epòk sa a, se manman m avè m ki te rete nan kay la, e manman m te anseye nan lekòl primè. Anfèt, nou te abite nan lekòl kote l t ap anseye a. An 1970, nou te oblije al rete Liufang, yon ti bouk ki nan pwovens nan distri Lichuan. Nan epòk sa a, afè moun yo pa t bon epi te gen rate manje.

Èske fanmi w te nan yon relijyon?

Papa m pa t enterese nan zafè relijyon ak nan zafè politik. Manman m te boudis. Lè m te lekòl, yo te aprann mwen se yon seri pwosesis nan lanati ki fè lavi vin evolye, e mwen te kwè sa anseyan m yo te di m yo.

Sa k fè w te vin enterese nan matematik?

Mwen te vin enterese nan matematik paske l se yon syans ki ankouraje moun chèche laverite pa mwayen rezònman ki lojik. Mwen t ale nan inivèsite yon ti tan apre Mao Tse-tung, lidè refòm nan, te mouri nan ane 1976. Mwen te chwazi matematik kòm kou ki te pi enpòtan pou m pran. Apre m te fin fè yon metriz ladan l, premye travay mwen te jwenn nan te gen rapò ak rechèch nan domèn matematik pou n fè aparèy ki ka pwodui enèji.

Ki premye enpresyon w te gen sou Bib la?

An 1987, m t al nan Inivèsite A&M nan Tegzas, Ozetazini, pou m fè yon doktora. Mwen te konnen ann Amerik, gen anpil moun ki kwè nan Bondye e ki konn li Labib. Anplis de sa, mwen te tande Bib la gen anpil konsèy saj ki ka ede moun, se sa k fè m te panse m dwe li l.

Ansèyman ki nan Bib la kapab ede moun. Men, m te jwenn kèk pati ladan l ki difisil pou konprann, e m pa t pran tan pou m sispann li l.

Ki sa k te fè w vin enterese nan Bib la ankò?

Zafè gen yon Kreyatè a te nouvo pou mwen, se sa k fè m te deside fè pwòp rechèch pa m sou sa.

An 1990, yon Temwen Jewova te vin vizite m lakay mwen e li te montre m ki sa Bib la anseye konsènan lavni limanite. Li te fè aranjman pou yon mari ak madanm li vin ede m konprann Bib la. Annapre, Liping, madanm mwen, ki t ap anseye fizik nan lekòl segondè an Chin e ki pa t kwè nan Bondye tou, te kòmanse etidye Labib nan menm epòk la. Nou te aprann sa Labib anseye sou fason lavi te kòmanse. Zafè gen yon Kreyatè a te nouvo pou mwen, se sa k fè m te deside fè pwòp rechèch pa m sou sa.

Ki jan w te fè sa?

Antanke matematisyen, mwen te jwenn fòmasyon pou m fè kalkil konsènan kantite posiblite ki genyen pou yon evènman rive. Mwen te aprann tou pou lavi te parèt yon sèl kou, pwoteyin yo te dwe deja la. Donk, m te eseye fè kalkil sou posiblite pou yon pwoteyin te vin fèt san pa gen anyen k ap dirije pwosesis la. Pwoteyin yo pami bagay ki pi konplike ki gen nan yon molekil. Epi nan yon selil, ou ka jwenn plizyè milye kalite pwoteyin k ap aji youn sou lòt yon fason ki presi anpil. Mwen te vin konprann, tankou kèk lòt moun konprann sa tou, li tèlman difisil pou yon pwoteyin ta fèt poukont li, sa fè l pa posib menm pou yon bagay konsa ta ka rive fèt! Mwen pa janm li yon bagay sou teyori evolisyon an ki byen esplike m fason molekil yo ki konplike anpil te ka rive fè tèt yo poukont yo, alewè pou yo ta esplike tout sistèm ki ladan yo. Pou mwen menm, bagay sa yo montre gen yon Kreyatè.

Ki sa k te konvenk ou se Bondye ki te fè ekri Bib la?

Pandan m te kontinye etidye Labib ak Temwen Jewova yo, mwen te aprann Bib la gen anpil pwofesi ki byen detaye ki te akonpli. Epitou, mwen te kòmanse jwenn yon pakèt byenfè lè m te aplike prensip ki nan Bib la. Mwen te konn mande tèt mwen: ‘Ki jan moun sa yo ki te ekri Bib la e ki te viv sa gen plizyè milye ane te ka rive ekri yon seri pawòl ki gen sajès ki ede moun jis jounen jodi a?’ Ofiramezi, mwen te vin konprann Bib la se Pawòl Bondye.

Ki sa k fè w kontinye kwè gen yon Kreyatè?

Lè m ap reflechi sou tout bagay ki gen nan lanati, m pa ka anpeche m kwè gen yon Kreyatè. Kounye a, m fè pwogram enfòmatik, e souvan, m sezi wè jan sèvo n depase pwogram òdinatè yo. Pa egzanp, kapasite sèvo nou genyen pou l konprann lè moun ap pale se yon bagay ki konplike anpil. Pifò nan nou kapab konprann sa moun ap di byen fasil, menm lè fraz yo pa konplè, moun yo ap ri, y ap touse, y ap di pawòl ki an dezòd oubyen y ap pale avèk aksan. Nou ka konprann yo tou menm lè gen eko, gen bri k ap fèt pa anba oubyen gen chanjman nan son telefòn. Ou ka panse bagay sa yo pa gen anyen ki konplike ladan yo, sepandan, moun k ap fè pwogram enfòmatik yo wè sa yon lòt fason. Menm pi gwo pwogram yo fè pou rekonèt sa moun ap di pa ka rive nan nivo bagay sèvo lèzòm ka fè.

Gen bagay menm òdinatè ki pi konplike pa ka rive fè, alòske sèvo nou ka fè yo, tankou chèche konprann santiman, rekonèt ton vwa moun, epi idantifye yon moun selon fason l pale. Moun k ap fè pwogram enfòmatik yo ap chèche yon fason pou yo rive fè òdinatè yo imite kapasite sèvo lèzòm genyen pou l rekonèt vwa moun. Anfèt, m gen konviksyon lè y ap fè sa, se travay Bondye fè yo y ap etidye.