Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Poukisa repons lan enpòtan?

Poukisa repons lan enpòtan?

Poukisa nou bezwen konnen si gen yon Kreyatè? Si se vre gen yon Kreyatè Toupisan ki egziste, ebyen w ka bezwen egzamine prèv ki montre se li ki enspire Bib la. E si w kwè nan sa Bib la di, ebyen w ap jwenn byenfè ki vin annapre yo.

Lavi w ap gen sans

SA BIB LA DI: “[Bondye] fè byen pou nou: li ban nou lapli ki soti nan syèl la ak sezon kote rekòt yo donnen anpil, li ban nou anpil manje e li ranpli kè nou ak lajwa.” — Travay 14:17.

SA SA VLE DI: Tout sa n ap pwofite nan monn ki toutotou nou an se yon kado Kreyatè a bay. W ap pi byen apresye kado sa yo si w aprann plis sou fason Moun ki bay yo a gen sousi pou ou.

W ap jwenn bonjan konsèy pou gide w nan lavi a

SA BIB LA DI: “W ap konprann sa ki jis, sa ki dwat ak sa ki bon, sa vle di tout sa ki byen.” — Pwovèb 2:9.

SA SA VLE DI: Piske se li ki Kreyatè w, Bondye konnen sa w bezwen pou w gen kè kontan. Lè w egzamine Bib la, ou ka aprann yon seri leson k ap bon pou ou depi kounye a.

W ap jwenn repons pou kesyon w yo

SA BIB LA DI: “W ap vin gen konesans sou Bondye.” — Pwovèb 2:5.

SA SA VLE DI: Lè w vin konnen gen yon Kreyatè ki egziste, sa ka ede w jwenn repons pou yon seri kesyon fondamantal tankou: Ki sans lavi a? Poukisa gen tout soufrans sa yo? Ki sa k rive nou lè nou mouri? Ou ka jwenn repons ki bay satisfaksyon Bib la bay pou kesyon sa yo.

W ap gen espwa pou lavni

SA BIB LA DI: “‘Mwen konnen sa m gen nan lide m pou m fè pou nou.’ Se sa Jewova di. ‘M ap ban nou lapè, mwen pap lage malè sou nou, yon fason pou m ban nou yon avni ak yon espwa.’” — Jeremi 29:11.

SA SA VLE DI: Bondye pwomèt alavni li pral elimine mechanste, soufrans e menm lanmò. Lè w kwè nan pwomès Bondye yo, espwa w gen nan yon kalite avni konsa ap ede w fè fas ak pwoblèm n ap rankontre nan lavi a chak jou avèk kouraj.