Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KI KOTE MÈVÈY SA A SOTI?

Yon fwi ki gen yon koulè ble espesyal

Yon fwi ki gen yon koulè ble espesyal

TI FWI ki sot nan plant yo rele Pollia condensata a soti ann Afrik. Li gen yon koulè ble moun pa janm wè nan lòt plant. Epoutan, li pa gen okenn koulè ble ladan l vre. Men, ki jan l fè parèt gen koulè espesyal sa a?

Fè yon ti reflechi: Selil ki sou kò ti fwi sa a gen yon seri ti fil ladan yo ki ranje tankou alimèt ki nan yon bwat. Ti fil yo youn sou lòt e yo fòme yon seri kouch fil. Gen yon ti distans ant chak kouch yo ki vin fè yon ti ang. Fason kouch yo ranje a tankou yon elis vantilatè oswa tankou fòm spiral. Fil yo pa ble, men, fason yo ranje youn sou lòt la fè yo parèt ble. Donk, nou vin konprann fwi a pa gen okenn koulè ble ladan l vre, se fason fil yo ranje a ki fè fwi a bay koulè ble ki klere li genyen an e ki fè l chanje koulè selon ang y ap gade l la. Pifò selil yo parèt ble. Men, si yon moun ta gade yo sou plizyè ang, li t ap wè kèk nan yo gen koulè woz, vèt oswa jón paske tout kouch fil yo pa menm gwosè. Anplis de sa, lè nou egzamine kò fwi a pi pre, chak koulè sa yo varye anpil.

Kòm fwi ki rele Pollia a pa gen yon bagay ki ba l koulè vre, menm lè l pa nan pye a ankò, li toujou ret menm koulè a. Anfèt, yo te keyi kèk sa gen plis pase yon syèk, e yo toujou klere menm jan ak sa yo fèk keyi yo. Selon moun k ap fè rechèch yo, fwi sa a pa gen chè ladan l, se grenn sèlman l genyen, epi li atire zwazo anpil.

Syantifik yo kwè ti fwi sa a ka ede yo rive fè yon seri pwodui k ap pèmèt yon koulè dire pi lontan, e li ka ede yo fè papye moun pap ka imite pou twonpe moun.

Ki sa w panse? Èske koulè ble espesyal fwi ki rele Pollia a egziste grasa evolisyon? Oswa se fè yo te fè l?