Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

REVEYE N! No 5 2017 | Kèk konsèy ki ka sove lavi nou lè gen katastwòf

Poukisa li enpòtan pou nou prepare nou sizoka ta gen katastwòf?

Men sa Bib la di: “Moun ki gen lespri a wè danje a, li kache, men, moun ki pa gen eksperyans lan kontinye ale tou dwat e li peye sa.” — Pwovèb 27:12.

Peryodik sa a montre ki sa nou dwe fè anvan, pandan e apre yon katastwòf.

 

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A

Kèk konsèy ki ka sove lavi nou lè gen katastwòf

Konsèy sa yo ka sove lavi w ak lavi lòt moun.

Sa n bezwen konnen konsènan fason pou n evite gaspiyaj

Egzamine twa aspè kote nou ka evite gaspiye kouran oswa gaz: lakay nou, transpò nou pran ak aktivite nou fè chak jou.

DAPRE LABIB

Lagè

Nan Izrayèl tan lontan an, Izrayelit yo te konn fè lagè nan non Bondye ki se Jewova. Èske sa vle di Bondye dakò ak gè k ap fèt jodi a?

ÈD POU FANMI

Èske sa vo lapèn pou n mete lavi nou an danje?

Anpil jèn konn santi gwo sansasyon sa a lè yo fè yon seri aksyon ki konn menm met lavi yo an danje. Èske w konn anvi fè sa tou?

LANDS AND PEOPLES

Yon ti vizit nan Kazakstan

Kazak yo te toujou pa gen yon kote fiks e yo abite nan yout. Ki jan lavi y ap mennen jodi a sanble ak lavi zansèt yo t ap mennen?

KI KOTE MÈVÈY SA A SOTI?

Fòm koki lanmè yo

Fòm koki yo ak fason yo fèt pwoteje ti bèt k ap viv anndan l lan.

Li lòt atik sou Entènèt

Poukisa Temwen Jewova yo pa al nan lagè?

Moun toupatou sou tè a konnen Temwen Jewova yo pa al nan lagè. Aprann pou ki rezon nou pa vle al nan lagè.

Lanmou pouse nou aji lè gen katastwòf

Nan plizyè peyi, Temwen Jewova yo pote èd lè gen bezwen.