Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kiyès Bondye ye?

Kiyès Bondye ye?

Anpil moun di yo kwè nan Bondye. Men, si w ta mande yo kiyès Bondye ye, w ap jwenn tout kalite repons. Gen nan yo ki kwè Bondye se yon jij ki mechan ki toujou la pou l pini moun lè yo fè yon move bagay. Gen lòt moun yo menm ki kwè Bondye toujou aji ak lanmou e li toujou padone yo kèlkeswa sa yo fè. E gen lòt ankò ki kwè Bondye pa enterese nan nou. Anpil moun gendwa panse, etandone gen tout opinyon sa yo sou Bondye, li enposib pou yon moun rive konnen kiyès Bondye ye.

Èske sa enpòtan pou w konnen kiyès Bondye ye? Wi, sa enpòtan. Lè w pi byen konnen kiyès Bondye ye, w ap vin konnen poukisa w ap viv e sa ap bay lavi w yon sans (Travay 17:26-28). Plis ou pwoche bò kote Bondye, se plis l ap renmen w e l ap ede w (Jak 4:8). Anplis de sa, lè w vin byen konnen kiyès Bondye ye, ou ka menm viv pou toutan. — Jan 17:3.

Ki jan w ka rive konnen kiyès Bondye ye? Panse ak yon moun ou konnen byen, pa egzanp, yon bon zanmi w. Ki jan n te fè vin zanmi? Se sèten, ou te vin konnen non l, tanperaman l, sa l renmen, sa l pa renmen, sa l te deja fè nan lavi l oubyen tou sa l anvizaje fè, san wete lòt bagay ankò. Donk, rezon ki fè w te vin pwòch ak moun sa a, se paske ou te aprann konnen kiyès li ye.

Anplis de sa, n ap rive konnen kiyès Bondye ye lè n konsidere pwen ki annapre yo:

Objektif peryodik sa a se ede w jwenn repons Bib la bay pou kesyon sa yo. Nonsèlman atik yo ap ede w konnen kiyès Bondye ye, men tou, w ap vin konnen tout byenfè w ap jwenn tank w ap vin zanmi Bondye.