Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lavi a konn parèt difisil anpil

Lavi a konn parèt difisil anpil

LAVI A kapab bèl anpil lè tout bagay ap byen mache pou nou. Men, pafwa, pwoblèm yo konn fè lavi a parèt difisil anpil pou n sipòte.

Pa egzanp, Samantha *, yon dam k ap viv Etazini, te pèdi pifò nan sa l te posede apre yon gwo siklòn te fin pase. Men sa l fè konnen: “M te santi m pa t ap ka pran plis strès. M te santi m prèt pou m krake, e m te pase anpil jou konsa.”

E si nou vin pèdi yon moun nou te renmen anpil? Janice, k ap viv nan peyi Ostrali, di: “Lè de pitit gason m yo te mouri, m te tankou yon asyèt fayans ki kraze fè plizyè moso, m te dwe kole yo pyès pa pyès jan m te kapab. Mwen te sipliye Bondye e m te di l: ‘Kè m pa ka sipòte ankò! Tanpri, pèmèt mwen annik dòmi pou m pa janm leve ankò.’”

Daniel, bò kote pa l, te santi l kraze nèt lè madanm li te twonpe l. Men sa l esplike: “Lè madanm mwen te fè m konnen li te twonpe m, se kòmsi yo te ban m yon kout kouto nan kè m. M te fè plizyè mwa ap soufri, e m te santi doulè a nan tout kò m.”

Toudegad sa a bay plizyè rezon ki fè lavi w kapab gen sans menm lè

Ann kòmanse ak premye pwen an, ki se: ki sa w kapab fè lè w viktim yon katastwòf natirèl.

^ Yo chanje non kèk moun ki nan seri atik sa yo.