Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Nou gen plis valè.” — MATYE 10:31.

Èske Bondye wè w?

Èske Bondye wè w?

SA KREYASYON AN APRANN NOU

Premye 60 minit nan lavi yon tibebe ki fèk sot nan vant manman l se yon moman ki enpòtan anpil pou tibebe a rive adapte l. Sa k fè sa? Se paske lè yon manman gen yon kontak sere sere avèk tibebe ki fèk fèt la, sa ap gen gwo enpak sou timoun nan toutpandan l ap grandi *.

Ki sa k pouse yon manman pran ka yon tibebe li fèk fè? Pwofesè Jeannette Crenshaw esplike nan yon jounal (The Journal of Perinatal Education), apre akouchman an òmón ki rele oksitosin nan ogmante lakay manman an, sa ki fè “tank manman an ap manyen tibebe a, l ap jwe avè l, l ap ba l tete se tank santiman li genyen antanke manman an ap vin pi plis lakay li”. Gen yon lòt òmón kò a libere nan moman sa a ki “ede manman an reyaji selon bezwen tibebe a” e sa vin ranfòse relasyon manman an avèk tibebe a. Poukisa li enpòtan pou n konn sa?

Se Jewova Dye *, Kreyatè nou an ki renmen nou, ki kreye relasyon sere sere ki genyen ant yon manman ak pitit li fèk fè a. Wa David te di se Bondye ki fè l “soti nan vant” manman l e ki fè l santi l an sekirite nan bra manman l. Men sa li te di nan yon priyè: “Depi lè m fèt se ou k ap pran swen m, depi lè m nan vant manman m se ou menm ki Bondye m.” — Sòm 22:9, 10.

FÈ YON TI REFLECHI: Si Bondye ka mete yon sistèm konplike konsa sou pye pou l asire l yon manman kapab rive wè sa yon tibebe bezwen epi pran ka tibebe a, èske li pa lojik pou n panse Bondye enterese nan nou chak pèsonèlman antanke “pitit” li? — Travay 17:29.

SA BIB LA APRANN NOU SOU JAN BONDYE ENTERESE NAN NOU

Jezi Kris, moun ki pi byen konnen Kreyatè a pase nenpòt lòt moun, te di: “Èske yo pa vann de tikit pou yon ti pyès monnen ki pa gen anpil valè? Epoutan, pa gen youn ladan yo k ap tonbe atè san Papa nou pa konnen. Men nou menm, ata branch cheve nan tèt nou li konte. Se sa k fè nou pa bezwen pè, nou gen plis valè pase yon bann tikit.” — Matye 10:29-31.

Se apèn si kèk nan nou bay chak ti zwazo nou wè atansyon, alewè pou n ta remake lè youn nan yo tonbe atè. Men, Papa nou ki nan syèl la remake chak grenn zwazo! Epoutan, pou li menm, zwazo yo, kèlkeswa kantite yo ta ye a, pap janm rive gen plis valè pase moun. Donk, leson an klè: Ou pa ta dwe “pè” kòmkwa Bondye pa wè w. Okontrè, li enterese toutbon nan ou!

Bondye vrèman enterese nan byennèt nou e li gen je sou nou paske li renmen nou.

Men ki asirans nou jwenn nan Bib la

  • “Je Jewova tout kote, l ap gade ni moun ki mechan ni moun ki bon.” — PWOVÈB 15:3.

  • “Je Jewova sou moun ki jis yo, e zòrèy li ap koute lè y ap mande l pou l ede yo.” — SÒM 34:15.

  • “M ap kontan anpil akoz lanmou fidèl ou genyen an, ou wè soufrans mwen yo. Ou konnen jan m nan gwo pwoblèm.” — SÒM 31:7.

“MWEN PA T SANTI JEWOVA RENMEN M”

Èske lavi nou t ap yon lòt jan si nou ta konnen Bondye vrèman enterese nan byennèt nou e li gen je sou nou paske li renmen nou? Se sèten li t ap yon lòt jan, e se sa Hannah * ki soti nan peyi Angletè, esplike:

“Pandan plizyè fwa, mwen pa t santi Jewova renmen m e mwen te santi li pa t reponn priyè m. Mwen te panse se paske mwen te manke lafwa. Mwen te santi li t ap pini m e li pa t ban m regle anyen pou li paske mwen pa t yon moun ki enpòtan. Mwen te santi Jewova pa t enterese nan mwen.”

Sepandan, Hannah te vin konprann Jewova te enterese nan li e Jewova te renmen l. Ki sa k te vin fè l konprann sa? Men sa li te esplike: “Se ti kras pa ti kras mwen te vin konprann sa. Mwen sonje gen yon diskou yo te bay, sa fè plizyè ane, ki te gen gwo efè sou mwen. Li te pale sou sakrifis ranson Jezi a e li te ban m asirans Jewova renmen m. Epitou, lè m te wè jan Jewova reponn priyè m, souvan, mwen te konn pete kriye paske mwen te vin rann mwen kont Jewova renmen m malgre jan m te konn santi m. Mete sou sa, etid mwen te fè nan Bib la ak asiste mwen te asiste reyinyon yo te aprann mwen plis bagay sou pèsonalite Jewova ak santiman li gen pou nou. Kounye a, mwen wè aklè èd Jewova ban nou, lanmou li demontre pou nou ak jan li kontan gen je sou nou chak pèsonèlman.”

Pawòl Hannah di yo ankourajan. Men, ki jan nou kapab sèten Bondye konprann sa n santi e li pare pou l ede nou? Nou pral egzamine kesyon sa a nan atik ki vin apre a.

^ § 3 Li konn vrèman difisil pou manman ki soufri depresyon apre yo fin akouche rive gen yon kontak sere sere ak tibebe yo fèk fè a. Men, yo pa dwe santi yo koupab poutèt sa. Selon Enstiti nasyonal sante mantal Ozetazini, yon moun ka vin fè depresyon apre akouchman “petèt akoz pwoblèm fizik oswa afektif li genyen [...] men sa pa gen anyen pou wè ak sa yon manman fè oswa ak sa li pa fè”. Pou nou jwenn plis enfòmasyon sou sijè sa a, gade atik ki gen tit “Comprendre la dépression postnatale” nan Reveye n! 8 jen 2003, fransè.

^ § 5 Jewova se non Bondye jan Bib la fè konn sa. — Sòm 83:18.

^ § 15 Gen kèk non nan seri atik sa yo ki chanje.