Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwen enteresan nou jwenn nan liv Nonb lan

Pwen enteresan nou jwenn nan liv Nonb lan

Pawòl Jewova a vivan

Pwen enteresan nou jwenn nan liv Nonb lan

APRE Izrayelit yo te fin kite Ejip, yo te òganize yo antanke nasyon. Yon tikras tan apre, yo te gen posiblite pou yo antre nan Latè pwomiz, men sa pa t fèt. Olye de sa, pandan karant an, yo te oblije monte desann nan yon “ gwo dezè ki chaje ak danje ”. (Detewonòm 8:15.) Poukisa ? Resi istorik ki nan liv biblik ki rele Nonb lan di nou sa k te pase. Resi sa a dwe konvenk nou sou nesesite pou nou obeyi Jewova Dye e pou nou respekte reprezantan l yo.

Se Moyiz ki te ekri liv Nonb lan nan dezè a ak nan plèn Mowab yo. Li kouvri yon peryòd 38 an 9 mwa, soti nan ane 1512 anvan epòk nou an rive nan ane 1473 anvan epòk nou an (Nonb 1:1 ; Detewonòm 1:3). Non sa a soti nan de resansman ki te fèt ann Izrayèl nan yon entèval 38 an (chapit 1-4, 26). Resi a divize an twa pati. Premye pati a rakonte evènman ki te pase nan mòn Sinayi. Dezyèm pati a gen ladan l sa k te pase pandan Izrayelit yo t ap monte desann nan dezè a. E dènye pati a pale sou evènman ki te pase nan plèn Mowab yo. Pandan w ap li resi sa a, petèt ou ka mande tèt ou : ‘ Ki sa evènman sa yo aprann mwen ? Èske liv sa a gen prensip ladan l ki ka itil mwen jodi a ? ’

NAN MÒN SINAYI

(Nonb 1:1-10:10)

Nan de resansman yo, premye a te fèt pandan Izrayelit yo te toujou nan pye mòn Sinayi. Te gen yon total 603 550 gason ki te gen pou piti 20 an, san konte Levit yo. Li evidan, yo te fè resansman an nan yon objektif militè. Lè w konte fi, timoun mete ansanm ak Levit yo, kantite moun antou ki te gen nan kan an te ka plis pase twa milyon.

Apre resansman sa a, Izrayelit yo te resevwa enstriksyon sou fason pou yo mache nan disiplin. Yo te ba yo detay konsènan travay Levit yo ak sèvis nan tabènak la. Yo te resevwa kòmandman pou mete moun an karantèn. E yo te resevwa lwa sou ka kote gen jalouzi, ak lwa sou ve nazireyen yo fè. Chapit 7 la gen enfòmasyon sou ofrann chèf tribi yo te fè lè inogirasyon lotèl la, e chapit 9 la pale sou fason pou yo selebre fèt Pak la. Anplis de sa, asanble a te jwenn enstriksyon sou fason pou l tabli kan e sou fason pou l leve kan.

Kesyon biblik ak tout repons :

2:1, 2 — “ Siy ” divizyon twa tribi yo te dwe tabli kan yo toutotou de yo nan dezè a, ki sa yo te ye ? Bib la pa bay esplikasyon sou sa siy sa yo te ye. Sepandan, yo pa t konsidere yo kòm senbòl ki sakre ni yo pa t gen yon siyifikasyon relijye. Yo te itilize siy sa yo pou aspè pratik yo te genyen : yo te ede chak moun jwenn plas yo nan kan an.

5:27— Nan ki sans “ kuis ” yon fi ki koupab paske l fè adiltè ap “ depafini ” ? Nan vèsè sa a, yo itilize mo “ kuis ” la pou pale de ògàn seksyèl (Jenèz 46:26). Lefètke ògàn nan “ ap depafini ” sa vle di l ap deteryore, konsa li t ap enposib pou yon fi konsa fè pitit.

Leson pou nou jodi a :

6:1-7. Nazireyen yo te dwe evite tout pwodui ki sot nan pye rezen ak tout bwason ki gen alkòl, sa te mande anpil abnegasyon. Yo te dwe kite cheve yo vin long pou montre yo soumèt yo devan Jewova, menm jan fi yo dwe soumèt devan mari yo oubyen devan papa yo. Pou nazireyen yo rete pwòp, yo te dwe evite tout kontak ak kadav, menm kadav pwòch paran yo. Jodi a, sèvitè a plen tan yo montre yo gen espri sakrifis lè yo fè abnegasyon, lè yo soumèt yo devan Jewova e yo aksepte dispozisyon li pran. Gen kèk asiyasyon yo resevwa ki ka oblije yo ale nan yon peyi ki lwen, e konsa li ka difisil e menm enposib pou yo tounen nan peyi yo pou antèman yon manm fanmi yo.

8:25, 26. Pou yo te ka sèten se moun ki kapab ki ap sèvi antanke Levit, e pou montre konsiderasyon pou moun ki aje nan mitan yo, yo te egzije moun ki granmoun yo pou yo pran retrèt yo nan sèvis obligatwa yo t ap fè a. Sepandan, si yo vle, yo te ka ede Levit yo. Menmsi jodi a yo pa prevwa okenn retrèt pou moun k ap sèvi antanke pwoklamatè Wayòm nan, prensip ki nan lwa sa a aprann nou yon leson enpòtan. Si yon kretyen pa anmezi pou l akonpli yon seri de obligasyon akoz laj, li ka patisipe nan yon fòm sèvis kouraj li pèmèt li fè.

DEPLASMAN NAN DEZÈ A

(Nonb 10:11-21:35)

Finalman, lè nyaj ki te sou tabènak la leve, Izrayelit yo te kòmanse yon mach ki t apral mennen yo nan dezè ki nan plèn Mowab yo apre 38 an ak youn ou de mwa. Petèt, ou ka twouve li pwofitab pou w suiv wout yo te fè a sou kat ki nan paj 9 bwochi ‘ Voyez le bon pays ’ a, yon bwochi Temwen Jewova pibliye.

Pandan Izrayelit yo te nan wout pou y al Kadèch, nan dezè Paràn, pou pi piti, pandan twa okazyon yo te tonbe plenyen. Nan premye okazyon an, Jewova te fè yo sispann plenyen lè li te voye yon dife ki te detwi kèk moun nan pèp la. Apre sa, Izrayelit yo te pran kriye pou vyann, e Jewova te ba yo yon kantite zwazo ki rele kay. Miryam ak Arawon te plenyen kont Moyiz, e sa te lakòz Miryam te frape ak lèp nan moman an.

Pandan yo te tabli kan yo Kadèch, Moyiz te voye 12 mesye al espyone Latè pwomiz. Yo te retounen apre 40 jou. Piske pèp la te kwè move rapò dis nan espyon yo te bay, yo te vle lapide Moyiz, Arawon ak tout espyon ki fidèl yo, anpalan de Jozye ak Kalèb. Jewova te gen lide frape pèp la ak yon sèl epidemi, men Moyiz te plede an favè yo, e Bondye te deklare yo gen pou yo monte desann nan dezè a pandan 40 an, jiskaske moun ki te resanse yo fin mouri.

Jewova te ba yo lòt lwa ankò. Kora te mete ansanm ak lòt moun pou rebele kont Moyiz ak Arawon, men rebèl yo te detwi, genyen se nan dife, gen lòt se tè a ki te anglouti yo. Nan demen, tout asanble a te pran bougonnen kont Moyiz ak Arawon. E sa te lakòz 14 700 moun mouri nan yon flewo Jewova te lage sou yo. Pou Jewova te fè konnen ki moun li chwazi kòm gran prèt, li te fè baton Arawon an fleri. Apre sa, Jewova te bay lòt lwa konsènan obligasyon Levit yo ak pirifikasyon pèp la. Itilizasyon yo te konn fè ak sann yon vach wouj senbolize pirifikasyon lèzòm grasa sakrifis Jezi. — Ebre 9:13, 14.

Pitit Izrayèl yo te retounen Kadèch, e se la Miryam te mouri. Asanble a te tonbe plenyen kont Moyiz ak Arawon ankò. Pou ki rezon ? Paske te manke dlo. Poutèt Moyiz ak Arawon pa t sangtifye non Jewova lè yo te fè mirak, yo bay dlo a, yo te pèdi privilèj pou yo rantre nan Latè pwomiz. Izrayelit yo te deplase kite Kadèch, e Arawon te mouri nan mòn Ò. Pandan Izrayelit yo t ap pase nan zòn Edòm, yo te vin fatige e yo te tonbe pale Bondye ak Moyiz mal. Pou Jewova pini yo, li te voye yon seri de sèpan ki gen pwazon. Yon lòt fwa ankò, Moyiz te plede an favè yo, e li te jwenn enstriksyon nan men Bondye pou l fè yon sèpan an kuiv e pou l mete l nan tèt yon poto. Konsa, moun sèpan yo te mòde t ap annik gade l e yo t ap geri. Sèpan an te prefigire Jezi Kris yo t apral kloure sou poto pou nou ka jwenn byenfè etènèl (Jan 3:14, 15). Izrayelit yo te ranpòte laviktwa sou Siyòn ak Òg, de wa Amorit, e yo te tou vin posede peyi wa sa yo.

Kesyon biblik ak tout repons :

12:1 — Poukisa Miryam ak Arawon t ap plenyen kont Moyiz ? Vrè rezon ki fè yo t ap plenyen an, sanble se paske Miryam te dèyè yon pi gwo pouvwa. Lè Zipora, madanm Moyiz, te vin jwenn li nan dezè a, petèt Miryam te pè pou yo pa t sispann konsidere l kòm fi ki pi enpòtan nan kan an. — Egzòd 18:1-5.

12:9-11 — Poukisa se Miryam sèlman ki te frape ak lèp ? Sanble se li menm ki te alabaz plenyen an e ki te konvenk Arawon pou l vin jwenn li. Arawon te manifeste yon bon atitid, li te rekonèt tò l.

21:14, 15 — De ki liv y ap pale nan vèsè sa a ? Ekriti yo site divès kalite liv moun ki t ap ekri Bib la te konn itilize kòm referans (Jozye 10:12, 13 ; 1 Wa 11:41 ; 14:19, 29). “ Liv Lagè Jewova a ” se te youn nan liv sa yo. Ladan l, yo te rakonte istwa lagè pèp Jewova a te fè.

Leson pou nou jodi a :

11:27-29. Moyiz kite yon bèl egzanp sou fason nou dwe reyaji lè se lòt moun ki resevwa privilèj nan sèvis Jewova. Olye pou Moyiz fè jalouzi, pou l chèche glwa pou tèt li, li te byen kontan lè Èldad ak Medad te kòmanse aji antanke pwofèt.

12:2, 9, 10 ; 16:1-3, 12-14, 31-35, 41, 46-50. Jewova atann aske moun k ap sèvi l yo montre respè pou otorite li etabli.

14:24. Yon bon mwayen pou nou reziste devan presyon monn nan ap fè pou pouse nou fè sa ki mal se pou nou manifeste yon “ espri ki diferan ”, yon lòt etadespri, yon espri ki pa dwe menm ak pa monn nan.

15:37-41. Franj espesyal ki te nan rad Izrayelit yo te fè yo sonje yo se yon pèp apa ki la pou adore Bondye e pou obeyi kòmandman l yo. Èske nou menm tou nou pa ta dwe viv ann akò ak prensip Bondye yo, èske nou pa ta dwe montre nou diferan ak monn nan ?

NAN PLÈN MOWAB YO

(Nonb 22:1-36:13)

Pandan pitit Izrayèl yo te tabli kan yo nan dezè ki nan plèn Mowab yo, Mowabit yo te gen yon sèl laperèz pou pèp la. Se sa k fè, Balak, wa Mowab la, te angaje Balaam pou l lage malediksyon sou Izrayelit yo. Men, Jewova te fòse Balaam beni yo pito. Apre sa, yo te sèvi ak medam Mowabit yo ansanm ak medam Madyanit yo pou yo fè pèp la tonbe nan pyèj imoralite ak idolatri. E kòm rezilta, Jewova te detwi 24 000 moun ki te peche. Finalman, flewo a te fini lè Fineyas te montre li pa tolere okenn moun fè rivalite avèk Jewova.

Dezyèm resansman an montre pa gen youn nan gason yo te konte nan premye resansman an ki te vivan toujou, eksepte Jozye ak Kalèb. Jozye te resevwa misyon pou l ranplase Moyiz. Izrayelit yo te resevwa enstriksyon konsènan divès kalite ofrann ansanm ak enstriksyon sou ve moun yo te konn fè. Pèp Izrayèl la te tire revanj sou Madyanit yo. Ribenn, Gad ak Manase, yon mwatye tribi, te kanpe nan lès rivyè Jouden. E Izrayelit yo te resevwa enstriksyon sou fason pou yo travèse Jouden an e sou fason pou yo rive pran posesyon peyi a. Yo te bay detay presi konsènan fontyè ki pou delimite peyi a. Yo te fè tiraj osò pou yo repati eritaj la. Levit yo te resevwa 48 vil, e 6 ladan yo t ava sèvi kòm vil refij.

Kesyon biblik ak tout repons :

22:20-22 — Poukisa Jewova te an kòlè kont Balaam ? Jewova te di pwofèt Balaam li pa dwe lage malediksyon sou Izrayelit yo (Nonb 22:12). Poutan, pwofèt la t ale avèk mesye Balak yo nan entansyon menm pou l lage malediksyon sou Izrayèl. Balaam te vle fè wa Mowab la plezi pou l ka jwenn yon rekonpans nan men l (2 Pyè 2:15, 16 ; Jid 11). Menm lè yo te fòse Balaam pou l beni Izrayèl olye li lage malediksyon sou li, li te toujou ap chèche favè nan men wa a, lè li te ba l konsèy pou l sèvi ak medam k ap adore Baal yo pou yo sedui mesye Izrayelit yo (Nonb 31:15, 16). Kidonk, rezon ki fè Jewova te an kòlè kont pwofèt la se poutèt misye te ava, li te san wont.

30:6-8 — Èske yon mari kretyen ka anile ve madanm li fè ? Jodi a, an rapò ak ve, Jewova trete apa ak chak moun k ap adore l. Pa egzanp, lè yon moun vwe lavi l bay Jewova, se yon ve pèsonèl li fè (Galat 6:5). Yon mari pa gen otorite pou anile yon ve konsa. Toutfwa, yon madanm dwe evite fè yon ve ki pa ale nan menm sans ak Pawòl Bondye a oubyen ki kontrè ak obligasyon li genyen anvè mari l.

Leson pou nou jodi a :

25:11. Ala yon bèl egzanp moun ki zele pou adorasyon Jewova a Fineyas kite pou nou ! Lè nou konnen yon moun gen yon konduit imoral, èske dezi nou genyen pou kenbe kongregasyon an pwòp pa ta dwe pouse nou pou nou mete ansyen yo okouran de sa ?

35:9-29. Lefètke yon moun ki touye yon moun san l pa t gen sa nan entansyon l oblije kite kay li pou l kouri ale nan yon vil refij pou yon sèten tan, sa aprann nou lavi se yon bagay ki sakre e nou dwe gen respè pou lavi.

35:33. Si tè a pwofane ak san yon inosan, se sèlman san moun ki te vèse san inosan an ki ka fè pwopisyasyon pou tè a. Donk, li toutafè apwopriye pou Jewova detwi mechan yo anvan li fè tè a tounen yon paradi. — Pwovèb 2:21, 22 ; Danyèl 2:44.

Pawòl Bondye a gen pouvwa

Nou dwe montre respè pou Jewova e nou dwe respekte moun ki nome pou okipe yon pozisyon responsablite nan mitan pèp li a. Liv Nonb lan fè verite sa a vin pi klè toujou. Ala yon verite ki enpòtan pou ede nou kenbe lapè ak linite nan kongregasyon an jodi a !

Evènman ki rapòte nan liv Nonb lan montre jan li fasil pou moun ki neglije espirityalite yo tonbe fè move aksyon, tankou plenyen, fè imoralite, pratike idolatri. Yo ka sèvi ak kèk nan egzanp ki nan liv Nonb lan ansanm ak kèk nan leson nou tire ladan l kòm baz pou bezwen kongregasyon an, nan reyinyon sèvis kongregasyon Temwen Jewova yo. Se toutbon, “ pawòl Bondye a vivan e li gen pouvwa ” nan lavi nou. — Ebre 4:12.

[Foto nan paj 29]

Grasa yon nyaj ki te gen sou tèt tabènak la, e nyaj sa a se te yon mirak, Jewova te dirije Izrayelit yo ni lè y ap tabli kan yo ni lè y ap leve yo.

[Foto nan paj 30]

Jewova merite pou nou obeyi l e li atann aske nou respekte reprezantan l yo.