Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

Li pa regrèt desizyon l te pran lè l te jèn

Li pa regrèt desizyon l te pran lè l te jèn

PANDAN dènye ane lavi Nikolai Dubovinsky, yon monnonk manman m, li te ekri eksperyans li te fè nan lavi l, gen ladan yo ki te ba l kè kontan e genyen ki te ba l kè kase. Li te fè tout vi l ap sèvi Jewova e l te fè pifò nan eksperyans li yo pandan entèdiksyon ki te gen nan ansyen Inyon sovyetik la. Malgre tout pwoblèm ak tètchaje li te jwenn, li te toujou rete fidèl e l te renmen lavi anpil. Byen souvan, tonton Nikolai te konn di li ta renmen pou jèn yo tande istwa li, se sa k fè m ta renmen pale sou kèk evènman enteresan nan lavi l. Li te fèt an 1926, nan yon ti fanmi pòv ki t ap viv nan yon ti bouk ki rele Podvirivka nan Chernivtsi Oblast, nan peyi Ikrèn.

NIKOLAI ESPLIKE KI JAN LI JWENN LAVERITE

Men sa monnonk Nikolai fè konnen: “Yon jou, an 1941, Ivan, gran frè m nan, te vin lakay la ak liv Hap Bondye a (anglè), liv Plan Bondye pou epòk yo (anglè) ansanm ak kèk Toudegad ak anpil bwochi. M te li yo tout. M te sezi aprann se Dyab la ki responsab tout pwoblèm ki gen nan monn nan, se pa Bondye. Anplis piblikasyon yo, mwen te li kat Evanjil yo e m te rann mwen kont m te jwenn laverite. M te chofe pou m pale de Wayòm nan ak lòt moun. Tank mwen t ap etidye piblikasyon sa yo se tank mwen te vin pi konprann laverite e m te vin pi anvi sèvi Jewova.

“Mwen te konprann mwen ta ka soufri akoz kwayans mwen. Peyi a te nan lagè, e m pa t vle touye pèsonn. Pou m te prepare m pou eprèv mwen t apral jwenn yo, mwen te aprann kèk vèsè tankou Matye 10:28 ak Matye 26:52 pakè. Mwen te detèmine pou m toujou ret fidèl ak Jewova menmsi m ta dwe mouri!

“Nan ane 1944, lè m te gen 18 an, yo te rele m pou m fè sèvis militè. Se te premye fwa nan lavi m mwen te ansanm ak moun ki gen menm kwayans avè m, anpalan de lòt jèn frè ki te gen laj pou fè sèvis militè mwen te rankontre kote yo t ap enskri moun nan. Nou te fè otorite yo konnen aklè nou pap patisipe nan gè a. Responsab yo te vin fache anpil, yo te fè nou konnen y ap kite n mouri grangou, y ap fè n fouye kanal pou sòlda yo, oswa y ap tire nou. San n pa pè, nou te reponn yo: ‘Nou nan men nou. Men, kèlkeswa sa n fè avè n, nou pap janm dezobeyi lòd Bondye bay ki di: “Nou pa dwe asasinen moun.” — Egz. 20:13, NW.

“Alafen, yo te voye m Belaris ansanm ak de lòt frè al travay nan chan, epi al repare kay ki kraze. M pa janm bliye tout dega gè a te lakòz andeyò zòn ki rele Minsk lan. Te gen pyebwa ki fin boule tou nwa sou de bò wout la. Te gen kadav moun ak kadav cheval ki te byen gonfle nan kanivo yo ak rak bwa yo. M te wè charyo ak chadegè yo abandone e m te wè rès avyon ki kraze. Mwen te wè rezilta sa bay lè moun pa obeyi kòmandman Bondye.

“Gè a te fini an 1945, men nou te toujou kondane pou dizan prizon paske n te refize patisipe nan lagè. Pandan twa premye ane yo, nou pa t konn reyini ansanm e n pa t gen piblikasyon ki baze sou Bib la. Nou te gen posiblite kontakte kèk sè pa mwayen lèt, men, yo te arete yo tou e yo te kondane yo pou yo pase 25 an ap fè travo fòse nan yon kan.

“Annapre, yo te vin libere nou nan ane 1950, e n te retounen lakay nou. Pandan m te nan prizon, manman m ak ti sè m nan, Maria, te vin Temwen Jewova! Gran frè m yo potko Temwen Jewova, men, yo t ap etidye Labib. Piske m te konn preche regilyèman, Ajans sekirite sovyetik la te vle mete m nan prizon ankò. Lè sa a, frè ki te alatèt travay predikasyon an te mande m ede yo fè piblikasyon an kachèt. Mwen te gen 24 an.”

FASON YO TE PREPARE PIBLIKASYON YO

“Temwen yo te renmen di: ‘Si yo entèdi n fè travay Wayòm nan devan je tout moun, ebyen n ap fè l dèyè do yo.’ (Pwo. 28:28). Nan epòk sa a, yo te konn enprime pifò piblikasyon yo yon kote moun pa t konnen, nan yon konstriksyon yo fè anba tè. Premye swadizan biwo kote m te konn travay se te yon ti kacho ki te anba kay Dmitry, gran frè m nan. Pafwa, m pa t konn soti nan ti kacho a pandan de semèn. Lè lanp lan te etenn akoz kacho a te manke oksijèn, m te konn kouche pou m tann jiskaske lè antre nan chanm nan ankò.

Desen kacho ki te anba kay kote Nikolai te konn fè kopi piblikasyon yo.

“Yon jou, yon frè ki t ap travay avè m te mande m: ‘Nikolai, èske w batize deja?’ Byenke m te gen 11 an depi m ap sèvi Jewova, m potko janm batize. Se konsa, jou swa sa a, li te pale sou sa avè m, e m te batize nan yon lak lè m te gen 26 an. Twazan annapre, m te vin gen plis responsablite, mwen te vin yon manm komite pou peyi a. Nan epòk sa a, yo te nome frè yo potko arete yo pou yo vin ranplase frè yo te arete yo, e travay Wayòm nan te kontinye avanse.”

DIFIKILTE KI GEN NAN TRAVAY AN KACHÈT

“Travay enprime piblikasyon an kachèt la te pi rèd pase prizon! Pandan setan, pou m te ka anpeche ajan KGB yo suiv mwen, m pa t ka asiste reyinyon nan kongregasyon an, e se mwen ki te oblije veye sou relasyon m ak Jewova. M te konn wè fanmi m sèlman lè m al vizite yo, yon bagay mwen pa t konn fè souvan. Malgre sa, yo te konprann sitiyasyon m, e sa te ankouraje m. Piske m te toujou strese e m te dwe toujou ap veye, sa te retire sou fòs mwen tikras pa tikras. Nou te dwe pare pou nenpòt bagay. Pa egzanp, yon jou swa, de polisye te vin nan kay mwen te ye a. Mwen te vole sot nan yon fenèt pa lòtbò kay la e m te kouri al nan rak bwa. Pandan m t ap pase sou yon teren, m te tande yon seri bri dwòl tankou se moun k ap sifle. Lè m te tande y ap tire, m te vin konprann se ba l yo ki t ap fè bri sa a! Youn nan polisye ki t ap kouri dèyè m yo te monte yon cheval e l te kontinye tire dèyè m jiskaske katouch li fini. M te pran yon bal nan bra. Finalman, apre yo fin fè senk kilomèt ap kouri dèyè m, m te chape paske m te kache nan rak bwa a. Annapre, pandan jijman m, yo te di m polisye yo te tire 32 katouch dèyè m!

“Piske m te pase anpil tan nan kacho ki te anba tè, m te vin pal anpil. Depi yon moun wè m, li te gentan konnen ki sa m t ap fè. Se sa k fè, m te ret nan solèy toutotan m kapab. Epitou, lavi nan kacho a pa t bon pou sante m. Yon lè, m pa t ka al nan yon reyinyon enpòtan mwen te gen ak kèk frè paske nen m ak bouch mwen t ap bay san.”

YO ARETE NIKOLAI

Kan kote n te konn travay di nan Mòdovi, an 1963.

“Yo te arete m jou ki te 26 janvye 1957 la. Sis mwa annapre, Lakou siprèm peyi Ikrèn te anonse santans mwen. Yo te kondane m pou yon gwoup sòlda fizye m, men, piske lwa peyi a pa t dakò yo egzekite moun ankò, yo te vin ban m 25 an prizon pito. Uit nan nou te gen pou n pase 130 an antou ap fè travo fòse nan kan. Yo te voye nou nan kan ki nan Mòdovi ki te gen anviwon 500 Temwen ladan yo. Nou te konn fè ti gwoup pou n etidye Toudegad an kachèt. Apre gad yo fin egzamine kèk nan peryodik yo te pran yo, youn nan yo te di: ‘Si n kontinye li bagay sa yo, n ap vin tèlman djanm, moun pap ka fè nou anyen!’ Nou te toujou pase tout yon jounen ap fè travay yo te ban nou fè yo, e souvan, nou te konn fè plis pase sa yo te mande n fè. Malgre sa, men sa kòmandan ki responsab kan an t ap plede di: ‘Travay n ap fè isit la pa enpòtan pou nou. Sa n bezwen se fidelite nou ak atachman nou pou peyi a.’”

“Nou te toujou pase tout yon jounen ap fè travay yo te ban nou fè yo, e souvan, nou te konn fè plis pase sa yo te mande n fè.”

LI TE TOUJOU FIDÈL

Sal Wayòm ki nan Velikiye Luki a.

Apre yo te fin libere monnonk Nikolai nan kan travo fòse a an 1967, li te ede frè yo òganize kongregasyon yo nan Estoni ak St. Petersburg, nan peyi Larisi. Nan kòmansman ane 1991, yo te anile desizyon tribinal la te pran an 1957 la paske pa t gen ase prèv ki te montre gen yon krim ki te fèt. Pandan tan sa a, lajistis te deklare anpil Temwen ki te jwenn move tretman anba men otorite yo inosan. An 1996, Nikolai t al viv nan yon vil ki rele Velikiye Luki, nan Pskov Oblas, nan yon distans ki a anviwon 500 kilomèt parapò ak St. Petersburg. Li te achte yon ti kay, e nan ane 2003, yo te bati yon Sal Wayòm sou tè l la. Jodi a, gen de kongregasyon byen djanm ki reyini nan Sal sa a.

Mwen menm ak mari m ap travay nan biwo filyal Temwen Jewova yo nan peyi Larisi. An mas 2011, sèlman kèk mwa anvan monnonk Nikolai te mouri, li te vin vizite nou pou dènye fwa. Se ak anpil kè kontan li te di nou yon seri pawòl ki te touche kè nou anpil: “Jan bagay yo parèt la a, se kòmsi m wè setyèm jou kote moun ap mache toutotou Jeriko a deja kòmanse.” (Joz. 6:15). Li te gen 85 an. Byenke lavi l pa t fasil, men sa l te di konsènan lavi l: “Se pa ti kontan m kontan dèske m te deside sèvi Jewova lè m te jèn. Mwen pa janm regrèt sa!”