Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | LAGÈ KI CHANJE MONN NAN

Vrè koupab ki kache dèyè lagè ak soufrans lan

Vrè koupab ki kache dèyè lagè ak soufrans lan

Nan dat 11 novanm 1918, Premye Gè mondyal la te fini. Moun yo te fèmen biznis yo e te gen moun ki t ap danse nan lari. Men, kè kontan sa a pa t dire lontan. Tousuit apre Premye Gè mondyal la, gen yon lòt menas ki te lakòz plis moun mouri pase mitrayèz yo.

Nan mwa jen 1918, gen yon epidemi yo rele grip espayòl, ki t apral lakòz anpil moun mouri, ki te enfekte sòlda ki nan lame fransè a. Sa pa t pran tan pou viris sa a te lakòz yon bann moun mouri. Pa egzanp, nan kèk mwa sèlman, li te touye plis sòlda ameriken nan peyi Lafrans pase kantite sòlda ènmi yo te touye. Lè lagè a te fini, sòlda ki te chape yo te retounen nan peyi yo ak grip la, sa ki t apral fè grip la gaye nan monn nan byen vit.

Tousuit apre lagè a, gen grangou ki te frape moun yo e yo te nan lamizè. Lè konba yo te fini nan ane 1918, pifò moun ann Ewòp te nan gwo grangou. Ozanviwon ane 1923, lajan peyi Almay la pa t prèske gen okenn valè. Sizan apre, ekonomi mondyal la te fè fayit. Finalman, nan ane 1939, Dezyèm Gè mondyal la te eklate. Nan yon sans, se premye konfli mondyal la ki t ap kontinye. Ki sa k te dèyè seri katastwòf sa yo ki san parèy?

SIY DÈNYE JOU YO

Pwofesi ki nan Bib la ede n wè sa k dèyè kèk evènman istorik, e sa sitou vrè nan ka Premye Gè mondyal la. Jezi Kris te predi t ap gen yon tan kote ‘nasyon t apral leve kont nasyon’ e t ap gen rate manje ak epidemi toupatou sou tè a (Matye 24:3, 7; Lik 21:10, 11). Li te di disip yo kalamite sa yo t ap fè pati siy dènye jou yo. Liv Revelasyon an bay plis detay konsènan siy sa a e li montre gen yon rapò ant malè ki gen sou tè a ak yon lagè ki te fèt nan syèl la. — Gade kare ki gen tit:  “Te gen lagè ni sou tè a ni nan syèl la.”

Nan menm liv sa a nou jwenn nan Bib la, yo pale de kat kavalye. Pafwa yo konn rele yo kat kavalye apokalips. Twa nan kat kavalye sa yo dekri menm malè Jezi te deja predi tankou lagè, grangou ak epidemi. (Gade kare ki gen tit:  “Èske kat kavalye yo ap galope toutbonvre?”) Sa klè, Premye Gè mondyal la te deklannche yon peryòd ki bay lapenn e ki vin pi mal chak jou. Bib la montre, nan yon sans, se Satan ki te dèyè tout bagay sa yo (1 Jan 5:19). Èske l ap sispann gen pouvwa?

Anplis de sa, liv Revelasyon an ban nou asirans se ‘yon tikras tan sèlman Satan rete’. (Revelasyon 12:12.) Se sa k fè Satan dechennen konsa e li lakòz tout malè sa yo sou tè a, yon seri malè ki san parèy. Kidonk, malè nou wè sou tè a se prèv ki montre Satan pa ret anpil tan.

L AP KRAZE TRAVAY DYAB LA

Pa gen dout nan sa, Premye Gè mondyal la te lakòz gwo chanjman nan listwa. Depi lè sa a, vin gen gwo lagè, gen revolisyon epi lèzòm pèdi konfyans nan dirijan yo. Mete sou sa, lagè sa a se prèv klè ki montre yo mete Satan deyò nan syèl la (Revelasyon 12:9). Dirijan monn sa a, moun pa wè a, aji tankou yon diktatè ki konnen li rete yon ti tan tou kout pou l dirije. Lè tan sa a fini, epòk tètchaje Premye Gè mondyal la lakòz la ap resi rive nan bout li.

Dapre pwofesi ki nan Bib la, nou gen rezon pou n kwè, talè konsa, Jezi Kris, Wa nou an ki nan syèl la, pral “kraze travay Dyab la”. (1 Jan 3:8.) Depi kounye a, gen plizyè milyon moun k ap priye pou Wayòm Bondye a vini. Èske w konn fè sa tou? Grasa Wayòm sa a, finalman, moun ki fidèl yo pral wè volonte Bondye fèt sou tè a, se pa volonte Satan k ap fèt ankò (Matye 6:9, 10). Anba dominasyon Wayòm Bondye a, pap janm gen gè mondyal ankò, e pap janm gen lagè ditou (Sòm 46:9)! Aprann konnen Wayòm sa a, epi fè efò pou w ka la nan epòk kote pral gen lapè toupatou sou tè a! — Izayi 9:6, 7.

^ § 20 Gade chapit 8 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.