Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w te konnen?

Èske w te konnen?

Èske akeyoloji soutni istwa yo rapòte nan Bib la?

Wa asiryen Sagon II, yo mansyone l nan Izayi 20:1.

Gen yon atik yo pibliye nan yon jounal (Biblical Archaeology Review) ki fè konnen, kounye a, grasa dekouvèt akeyològ yo fè, yo ka pwouve egzistans “omwen 50” nan moun Liv ki te ekri ann ebre yo site yo. Pami moun sa yo gen 14 wa Jida ak wa Izrayèl, gen kèk pèsonaj tout moun byen konnen tankou David ak Ezekyèl e gen lòt moun yo pa twò byen konnen tankou Menahèm ak Peka. Nan lis la gen 5 Farawon ak 19 moun ki te wa nan Asiri, Babilòn, Pès ak Siri. Sepandan, se pa non wa sèlman ki parèt nan rejis biblik yo ak nan rejis akeyològ yo. Kidonk, gen lòt moun ki te mwen enpòtan ki gen non yo parèt nan rejis yo tankou prèt, skrib ak lòt fonksyonè.

Selon atik la, pou tout moun sa yo, gen “yon bon kantite rechèch syantifik ki fèt ki pwouve” bonjan idantifikasyon yo. Natirèlman, Liv ki te ekri an grèk yo site non anpil lòt pèsonaj istorik, e gen prèv akeyològ yo bay ki montre yon bon kantite nan moun sa yo te egziste toutbonvre tankou Ewòd, Pons Pilat, Tibè, Kayif ak Sèjiyis Polis.

Ki lè yo pa t jwenn lyon ankò nan peyi Bib la site yo?

Imaj yon lyon yo fè ak bèl brik ki vèni nan Babilòn tan lontan an.

Se vre, jodi a pa gen lyon nan zòn andeyò nan Tè Sakre a, men lefètke Bib la pale de bèt sa a anviwon 150 fwa, sa montre ekriven biblik yo te abitye ak bèt sa a. Nan pifò referans yo, yo pale de bèt sa a nan yon sans senbolik. Men gen kèk vèsè nan Bib la ki fè konnen gen moun ki te rankontre ak lyon toutbon. Pa egzanp, Bib la di Samson, David, Benaya, te touye lyon (Jij 14:5, 6; 1 Samyèl 17:34, 35; 2 Samyèl 23:20). Tandiske gen lòt moun se lyon ki te touye yo. — 1 Wa 13:24; 2 Wa 17:25.

Nan tan lontan, lyon te gaye nan zòn Azi (Panthera leo persica), soti nan Azi minè ak Lagrès pou rive nan Palestin, Siri, Mezopotami ak nan nòdwès peyi End. Byen souvan, bèt sa a moun te pè e yo te respekte te parèt nan desen atis yo te konn fè nan Pwòch Oryan nan tan lontan. Yo te sèvi ak bèl brik ki vèni pou yo fè imaj lyon pou yo dekore ansyen wout yo te rele Chemen posesyon Babilòn nan.

Moun ki te konn al nan kwazad yo te fè konnen yo te konn chase lyon nan Palestin nan fen 12yèm syèk epòk nou an. Sanble yo pa t jwenn lyon nan zòn nan ankò yon ti tan apre ane 1 300. Sepandan, gen rapò ki montre te toujou gen lyon nan Mezopotami ak nan Siri jis nan 19yèm syèk la, tandiske ann Iran ak ann Irak te gen lyon jis nan premye pati 20yèm syèk la.