Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | ÈSKE L POSIB POU YON MOUN VIV APRE L FIN MOURI?

Gen espwa pou moun ki mouri yo: Kòman nou fè sèten?

Gen espwa pou moun ki mouri yo: Kòman nou fè sèten?

Èske se reyalis yon moun pa reyalis pou l panse moun mouri pral tounen viv ankò? Apot Pòl pa t reflechi konsa. Men sa Bondye te pouse Pòl ekri: “Si se pou lavi sa a sèlman nou met espwa nou nan Kris, yo mèt pran lapenn pou nou plis pase tout moun. Men kounye a, Kris leve sot nan lanmò, li menm ki resisite an premye pami moun k ap dòmi nan lanmò yo.” ​(1 Korentyen 15:19, 20). Pòl te konnen rezirèksyon an se yon bagay ki sèten. Anfèt, rezirèksyon Jezi a te ba l garanti sa a * (Travay 17:31). Se sa k fè Pòl te di Jezi te resisite “an premye”. Sa vle di li se premye moun ki te resisite pou lavi ki pap janm fini an. Kidonk, si Jezi te resisite an premye, li lojik pou gen lòt moun ki t apral resisite.

Jòb te di Bondye: “Se pa ti anvi w ap anvi wè travay ou fè ak men w!” — Jòb 14:14,15, NW.

Men yon lòt rezon ki fè nou sèten rezirèksyon an ap fèt vre. Jewova se Bondye verite a. “Bondye [...] pa ka bay manti.” ​(Tit 1:2). Jewova pa janm bay manti, e li pap janm fè sa. Èske Bondye t ap pwomèt rezirèksyon an, e l t ap menm bay prèv li ka fè l, men li pa kenbe pwomès li? Sa t ap vrèman enposib!

Poukisa Jewova pral fè rezirèksyon an? Se paske l gen lanmou. Men sa Jòb te mande: “Si yon moun mouri, èske l ka reviv?” Jòb te di: “W ap rele m, e mwen menm m ap reponn ou. Se pa ti anvi w ap anvi wè travay ou fè ak men w!” ​(Jòb 14:14, 15, NW). Jòb te gen konviksyon Papa l ki nan syèl la t ap swaf pou l resisite l. Èske Bondye chanje? “Mwen se Jewova, mwen pa chanje.” ​(Malaki 3:6, NW). Bondye toujou vle resisite moun ki mouri yo, e l vle pou yo viv ak kè kontan e an sante. Se sa yon paran ki gen lanmou swete pou pitit li ki mouri. Nòmalman, diferans ki genyen, sèke Bondye gen pouvwa pou l fè sa l vle. — Sòm 135:6.

Lanmò se yon pwoblèm ki terib, men Bondye gen solisyon an.

Jewova pral bay Pitit li a pouvwa pou l pote lajwa pou moun ki te pèdi moun yo renmen. E ki fason Jezi te santi l anrapò ak rezirèksyon an? Anvan Jezi te resisite Laza, li te wè jan sè ak zanmi Laza yo te nan lapenn e sa te fè “dlo koule nan je Jezi”. (Jan 11:35.) Nan yon lòt okazyon Jezi te rankontre vèv Nayin nan ki te pèdi sèl pitit gason l lan. Kè Jezi “fè l mal pou li, e li di l: ‘Sispann kriye.’” San pèdi tan Jezi te resisite pitit vèv la (Lik 7:13). Vrèmanvre, chagren ak lanmò te gen efè sou Jezi. Se pa ti kontan Jezi pral kontan lè l pral fè tristès moun genyen sou tout tè a tounen kè kontan!

Èske w te nan lapenn akoz yon moun pa w ki mouri? Ou ka santi lanmò se yon pwoblèm ki pa gen solisyon. Men, gen yon solisyon ki egziste, se rezirèksyon Bondye pral fè pa mwayen Pitit li a. Sonje Bondye vle pou w solisyon sa a. Li vle pou w la pou w ka anbrase moun ou renmen yo ankò. Imajine sa, nou kapab planifye pou yon avni ki pap janm fini, san youn pa janm di lòt orevwa ankò!

Men ki refleksyon Lionel nou te pale de li nan atik anvan an fè: “Finalman, mwen aprann anpil bagay konsènan rezirèksyon an. Okòmansman, li te difisil pou m te kwè e m pa t fè moun ki t ap pale sou sa avè m nan konfyans. Sepandan, lè m te verifye nan Bib la, mwen te wè sa l t ap di yo se laverite! Mwen pa ka tann pou m wè granpapa m ankò.”

Èske w ta renmen aprann plis? Temwen Jewova yo ap byen kontan montre w nan bib pa w rezon ki fè yo gen konviksyon rezirèksyon an ap fèt *.

^ § 3 Pou w ka jwenn prèv ki montre Jezi te resisite, gade liv La Bible: Parole de Dieu ou des hommes?, paj 78-86. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

^ § 9 Tanpri gade chapit 7 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.