Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Repons Bib la bay

Repons Bib la bay

Èske l posib pou gen yon monn ki pa gen povrete?

Ki sa Bondye pral fè pou gen yon monn ki pa gen povrete? — Matye 6:9, 10.

Chak ane gen plizyè milyon moun ki mouri akoz malnitrisyon ak maladi gwo povrete lakòz. Byenke gen kèk kote sou tè a ki gen anpil richès, yon bon valè moun toujou ap viv nan gwo mizè. Bib la fè konnen povrete se yon pwoblèm lèzòm genyen depi byen lontan. — Li Jan 12:8.

Pou retire povrete, fòk ta gen yon sèl gouvènman ki pou dirije tout tè a. Yon gouvènman konsa ta dwe gen kapasite pou l byen separe resous ki nan monn nan e pou l mete fen nan lagè ki se youn nan pi gwo bagay ki lakòz povrete. Bondye pwomèt pral gen yon gouvènman konsa k ap dirije tout tè a. — Li Dànyèl 2:44.

Kiyès ki kapab elimine povrete?

Bondye mete Jezi, Pitit li a, Wa pou l dirije tout limanite (Sòm 2:4-8). Jezi pral delivre moun ki pòv yo, l ap mete fen nan mechanste e l ap retire vyolans. — Li Sòm 72:8, 12-14.

Jezi, ki se “Prens lapè” Bondye te pwomèt la, pral etabli lapè ak sekirite nan monn nan. Lè sa a, tout moun sou tè a pral viv nan pwòp kay yo, y ap pran plezi nan travay yo fè e y ap jwenn manje ann abondans. — Li Izayi 9:6, 7; 65:21-23.