Al gade sa k anndan l

Imaj Satelit ki montre siklòn Yasa ak zile li frape nan peyi Fiji.

7 JANVYE 2021
FIJI

Siklòn Yasa ki nan kategori senk lakòz dega nan peyi Fiji

Siklòn Yasa ki nan kategori senk lakòz dega nan peyi Fiji

Zòn li frape

Fiji

Katastwòf

  • Jou ki te jedi 17 desanm 2020 an, gwo siklòn twopikal Yasa a te rive sou zile Vanialevi, dezyèm pi gwo zile nan peyi Fiji.

  • Yasa se dezyèm pi gwo siklòn ki frape peyi Fiji. Selon sa yo rapòte, van an te menm rive vante a 260 km/è.

  • Gen omwen 30 kongregasyon ak ti gwoup izole nan zòn li frape yo.

Sitiyasyon frè ak sè nou yo

  • Pa gen okenn frè ak sè ki blese.

  • Premye rapò yo fè konnen gen 20 fanmi ki oblije kite kay yo.

  • Siklòn nan kraze jaden yo, ki se prensipal mwayen 430 pwoklamatè nan zòn nan genyen pou yo jwenn manje.

Dega

  • 10 kay kraze.

  • 25 kay sibi domaj.

  • 1 Sal Wayòm sibi ti domaj.

Dispozisyon pou pote èd

  • Filyal peyi Fiji te nome twa komite sekou. Komite sa yo te ede pwoklamatè ki viktim yo jwenn sa yo bezwen, tankou dlo pou yo bwè, rad, manje ak prela. Mete sou sa, komite yo te ede moun ki te oblije kite kay yo jwenn yon kote pou yo fè yon ti rete.

  • Kèk reprezantan filyal peyi Fiji ak siveyan sikonskripsyon nan zòn nan te vizite frè ak sè yo pou ankouraje yo.

  • Tout moun ki t ap ede frè ak sè nou yo e ki t ap ankouraje yo te veye pou yo respekte prekosyon yo dwe pran kont COVID-19 la.

Se vre frè ak sè nou yo te pèdi anpil bagay akoz gwo siklòn sa a, men yo dakò ak pawòl nou jwenn nan Sòm 46:1 an ki di: “Bondye se refij nou.”