Al gade sa k anndan l

16 NOVANM 2022
IKRÈN

MIZAJOU #13 | Frè ak sè yo kontinye demontre lanmou pandan gwo pwoblèm ki gen ann Ikrèn yo

Yo rekòmanse preche kay an kay ankò

MIZAJOU #13 | Frè ak sè yo kontinye demontre lanmou pandan gwo pwoblèm ki gen ann Ikrèn yo

Nan mwa out 2022, yo te fè konnen predikasyon kay an kay la ap rekòmanse nan kèk zòn ann Ikrèn kote lavi frè ak sè nou yo pa an danje. Frè ak sè nou yo te chofe pou yo patisipe. Yo te jwenn anpil moun ki vle tande mesaj ki soti nan Bib la. Gen yon moun ki aksepte yon etid Labib ki di: “Lè m fin wè tout move bagay sa yo ak tout soufrans ki genyen pandan gè sa a, li klè se sèl Bondye ki kapab rezoud pwoblèm limanite.” Men kèk bèl eksperyans frè ak sè yo fè nan travay predikasyon an.

Ruslan, ki nan kongregasyon Lanivtsi, te yon ti jan renka pou l retounen nan predikasyon kay an kay la. Li menm ak madanm li te priye Jewova pou l ba yo kouraj e pou l fè yo jwenn moun ki enterese nan espwa pou gen yon pi bon avni. Koup la te sezi wè pandan dezèdtan yo fè ap preche a yo te pale ak uit moun, e yo tout te aksepte yon etid Labib.

Pandan Olha, ki nan kongregasyon Kremenèts, te nan predikasyon ak patnè l, yon mesye te kouri vin kote yo pou mande yo si se sou Pawòl Bondye a y ap pale. Mesye a di yo: “Mwen konn fimen e mwen gen pwoblèm ak alkòl. Men, mwen konnen talè konsa Bondye pral jije m. Lè sa a, mwen pa vle pou l wè m jan mwen ye kounye a.” Yo te fè aranjman pou frè ki nan zòn nan etidye Labib avèk mesye sa a.

Pandan sè Vasly, ki nan kongregasyon Lviv-Riasne-Skhidnyi, t ap preche ak gwoup predikasyon l lan nan yon bouk, li wè yon kay e li sonje li te pale ak yon dam nan kay sa a kèk ane anvan sa. Li sonje dam sa a pa t vle pale ditou ak Temwen Jewova yo. Li deside frape pòt la pou l ofri yon etid Labib. Li te vrèman sezi lè l wè se menm dam sa a ki te vin ouvri pòt la e ki te di l li vle konprann Bib la. Dam nan aksepte yon etid Labib, e yo fè aranjman pou yon moun fè etid la.

Serhii, ki nan kongregasyon Illintsi, te batize an 2021 e li potko janm patisipe nan travay predikasyon kay an kay la. Li te santi li strese, se pou sa li te pran tan pou l byen prepare l. Men sa Serhii di: “Mwen gade videyo modèl prezantasyon yo plizyè fwa. Apre sa, tout sa m te bezwen fè se met kouraj sou mwen.” Se pa ti kontan li te kontan fè konnen lajwa te ranplase strès li te genyen an paske li te gen posiblite pataje bon nouvèl la ak lòt moun.

Se menm bagay la pou Nikol ki soti nan kongregasyon Rozdil ki te vin yon pwoklamatè ki poko batize nan mwa out 2022. Men sa l di: “Mwen te strese e mwen te menm pè predikasyon kay an kay la. Men apre m te fin preche kay an kay, mwen wè jan sa enteresan pou w pale ak yon moun de Jewova fasafas!”

De sè k ap patisipe nan predikasyon kay an kay la

Rive 11 novanm 2022 a,men rapò frè yo nan peyi Ikrèn voye pou nou. Sepandan, chif nou gen la yo ka pi wo lontan paske li difisil pou nou kenbe bonjan kominikasyon ak tout zòn ki nan peyi a

Sitiyasyon frè ak sè nou yo

  • 46 pwoklamatè mouri

  • 97 pwoklamatè blese

  • 12 569 pwoklamatè kite kay yo

  • 590 kay kraze

  • 645 kay sibi gwo domaj

  • 1 722 kay sibi ti domaj

  • 6 Sal Wayòm kraze

  • 19 Sal Wayòm sibi gwo domaj

  • 63 Sal Wayòm sibi ti domaj

Dispozisyon pou pote èd

  • Gen 27 komite sekou k ap travay pou ede frè ak sè yo ann Ikrènn.

  • Komite sekou yo deja ede 53 948 pwoklamatè jwenn kote ki an sekirite pou yo rete.

  • Gen 25 983 pwoklamatè nan pwoklamatè ki deplase yo k al nan yon lòt peyi, e frè ak sè nou yo nan peyi sa yo ap ede yo.