Al gade sa k anndan l

10 ME 2022
IZRAYÈL

Labib — Tradiksyon monn nouvo a parèt ann antye nan lang ebre yo pale kounye a

Labib — Tradiksyon monn nouvo a parèt ann antye nan lang ebre yo pale kounye a

Tou dènyeman, yo te fè tout kongregasyon nan lang ebre ki nan tèritwa peyi Izrayèl konnen Labib — Tradiskyon monn nouvo a nan lang ebre yo pale kounye a ap disponib pou telechaje sou fòma elektwonik apati 2 me 2022. Fòma enprime yo ap disponib an septanm 2022.

Edisyon sa a fè tradiksyon ki te gen pou Liv ki te ekri ann ebre yo, ki te parèt an 2020, fè yon sèl ak tradiksyon revize Liv ki te ekri an grèk yo. Se premye fwa Labib — Tradiksyon monn nouvo a disponib nan lang ebre yo pale kounye a nan yon sèl volim. Tradiksyon Liv ki te ekri ann ebre yo nan lang ebre yo pale kounye a ede lektè yo konprann ansyen tèks Bondye te enspire a, kounye a ki difisil pou pifò lektè konprann.

Yon manm nan ekip tradiksyon an di: “Tradiksyon Labib nan lang ebre yo pale kounye a, sitou Liv ki te ekri ann ebre yo, pa vrèman fasil pou lektè yo jwenn. Se sa k fè, nou kontan resevwa Labib — Tradiksyon monn nouvo a ann antye ki gen yon seri bèl bagay ladan l, tankou pakèt nòt k ap ede nou pi byen konprann Bib la.”

Men sa yon lòt manm nan ekip tradiksyon an di: “N ap di Jewova mèsi pou kado sa a. Tradiksyon sa a ap fè l pi fasil pou ni Temwen Jewova yo, ni tout lòt moun ki pale ebre yo, vin gen yon relasyon sere sere ak Papa nou ki nan syèl la.” — Jak 4:8.