Al gade sa k anndan l

Premye pati nan ekspozisyon “Wedontdothat” la.

28 AVRIL 2022
IZRAYÈL

Yon ekspozisyon ann Izrayèl sou pèsekisyon Temwen Jewova yo te jwenn nan men Nazi yo

Yon ekspozisyon ann Izrayèl sou pèsekisyon Temwen Jewova yo te jwenn nan men Nazi yo

Nan dat ki te 7 mas 2022 a, te gen yon nouvo ekspozisyon ki pale sou kouraj Temwen Jewova yo te demontre lè pèsekisyon Nazi a. Yo te fè ekspozisyon an nan yon lokal ki nan Galile oksidantal (Centre d’éducation humaniste de la Maison des combattants du ghetto), e li disponib ann arab, ann anglè ak ann ebre. Ekspozisyon an ap disponib pou jis mas 2023. Gen plis pase 50 frè ak sè ki te met ansanm ak moun k ap travay nan mize a pou yo pataje eksperyans ak konesans yo genyen sou rechèch istorik yo, imaj yo ak tradiksyon ki t ap nesesè pou fè ekspozisyon an.

Tèm ekspozisyon an se “Wedontdothat”, ki vle di “noupafèbagaykonsa”. Tèm nan soti nan ti non yon sòlda alman te bay frè Joachim Alfermann, youn nan Temwen Jewova Nazi yo te mete nan prizon. a Malgre yo te bay frè Joachim anpil presyon, yo te bat li, e yo te mete l nan yon kan konsantrasyon, li te refize antre nan lame Almay la, li te di: “Nou pa fè bagay konsa”. Men sa madam Yaara Galor, ki responsab ekspozisyon an, di: “Anplis Juif yo, yo te touye plizyè milyon lòt moun pou diferan rezon [...]. E chak gwoup sa yo gen pwòp istwa pa yo.”

Antre ki mennen nan Center for Humanistic Education

Doktè Gideon Greif, ki se yon espè nan kesyon Olokos la e ki se yon espesyalis nan sa k te pase nan Ochwits la, te pale nan ouvèti ekspozisyon an e li te pale sou Temwen Jewova yo ki te refize siyen papye pou di yo abandone lafwa yo. Men sa l te di: “[Temwen Jewova yo] te ka jwenn liberasyon byen fasil, sa t ap jis pran yo yon minit pou yo siyen papye a. Sa montre menm nan epòk kote sa te difisil anpil, gen gwoup moun ki te toujou veye pou yo kenbe nivo moral yo byen wo, ki te pwoteje lespri yo kont vye panse, e ki te veye pou yo pa di vye pawòl. Se poutèt sa, nou bezwen pale konsènan Temwen Jewova yo, nou dwe sonje yo, nou dwe konn istwa yo, e nou dwe aprann nan men yo.”

Men sa yon sè, k ap sèvi nan Betèl Izrayèl la e ki te asiste ouvèti ekspozisyon an, di: “Lè m wè nou gen yon ekspozisyon konsa ann Izrayèl ki ouvri pou tout moun, sa fè dlo koule nan je m [...]. M pap janm bliye lè m te tande moun k ap travay nan mize a ki t ap di non Jewova ann ebre sou estrad la. Pa gen dout, evènman sa a bay Jewova glwa.”

Frè David Simozrag ki soti nan filyal Izrayèl la k ap pale nan ouvèti ekspozisyon an.

Nou sèten ekspozisyon sa a ap ede moun ki wè l yo apresye kouraj ak lafwa frè ak sè nou yo te demontre sou rejim Nazi a ann Almay. Egzanp fidelite yo kite ka ankouraje kretyen jodi a pou yo kontinye “kouri nan kous nou gen pou nou kouri a avèk andirans”. — Ebre 12:1.