Al gade sa k anndan l

Kay ki sibi gwo domaj nan wout prensipal vil Petrinja, nan peyi Kwowasi.

8 JANVYE 2021
KWOWASI

Yon gwo tranblemanntè lakòz gwo dega nan peyi Kwowasi

Yon gwo tranblemanntè lakòz gwo dega nan peyi Kwowasi

Zòn li frape

Toupre vil Petrinja, ki nan distans 50 kilomèt nan sid Zagrèb, nan peyi Kwowasi.

Katastwòf

  • Nan dat ki te 29 desanm 2020 an, yon tranblemanntè mayitid 6,4 te frape peyi Kwowasi. Se pi gwo tranblemanntè ki frape peyi Kwowasi.

Sitiyasyon frè ak sè nou yo

  • Pa gen okenn pwoklamatè ki te blese pami 91 pwoklamatè ki nan zòn nan.

  • 29 pwoklamatè oblije kite kay yo.

Dega

  • 9 kay sibi gwo domaj.

  • 16 kay sibi ti domaj.

  • Sal Wayòm nan Sisak la sibi ti domaj.

Dispozisyon pou pote èd

  • Filyal peyi Kwowasi te nome yon komite sekou. Komite a travay ak de siveyan sikonskripsyon ak ansyen yo nan zòn nan pou ede moun ki viktim yo. Yo òganize yo pou yo vizite frè ak sè yo pou ankouraje yo e pou ede yo jwenn sa yo bezwen. Mete sou sa, yo ede frè ak sè ki oblije kite kay yo pou yo jwenn yon kote pou yo rete. Pandan èd sa yo ap bay, tout moun respekte prekosyon yo dwe pran kont COVID-19 la.

N ap priye Jewova pou l kontinye bay frè nou yo fòs yo bezwen nan moman difisil sa a. — 1 Pyè 5:10.