Al gade sa k anndan l

5 OKTÒB 2022
PÒTIGAL

Liv Matye a parèt nan lang kapvèdyen

Liv Matye a parèt nan lang kapvèdyen

Nan dat 25 septanm 2022 a, frè Mário Pinto de Oliveira, yon manm komite filyal Pòtigal la, te fè konnen Labib — Bon nouvèl la selon Matye parèt nan lang kapvèedyen. Yo te fè yon reyinyon espesyal nan filyal Pòtigal la nan Lisbòn e pwoklamatè yo te kapab gade l an dirèk sou Entènèt pa mwayen videyokonferans. Se nan reyinyon sa a yo te fè konnen tradiksyon liv Matye a t ap disponib sou fòma elektwonik. Te gen 3 812 moun antou ki te wè pwogram nan, san wete moun ki t ap suiv pwogram nan nan Sal Wayòm ki nan Kapvè ak Pòtigal yo.

Lang kapvèdyen an se yon lang kreyòl ki baze sou lang pòtigè. Se lang sa a ki lang manman pifò moun k ap viv Kapvè. Se filyal Pòtigal la ki sipèvize travay predikasyon k ap fèt nan Kapvè a.

Ekip tradiksyon an ki nan biwo adistans lan nan Prayiya, sou zile Santyago, nan Kapvè.

Men sa yon tradiktè di anrapò ak tradiksyon Bib sa a: “Byenke gen kèk liv nan Bib la ki tradui nan lang kapvèdyen, yo pa fasil pou moun jwenn. Pou anpil nan moun ki pral jwenn Bib sa a, se premye fwa yo pral gen posiblite li Pawòl Bondye a nan lang manman yo.”

Men sa yon lòt tradiktè fè konnen: “Bib sa a fasil pou moun li, pou moun konprann e l gen mo moun itilize chak jou. Se yon gwo kado Jewova fè nou e l ap itil anpil nan travay predikasyon an. Kounye a, olye nou ret ap pase yon pakèt tan ap esplike moun yo mo yo, n ap kapab konsantre sou fason pou n touche kè moun yo pito.”

Liv Matye a ki disponib nan lang kapvèdyen an se yon bèl rapèl ki fè n sonje Bondye nou an, ki pa gen patipri, ap mete Pawòl li a disponib pou tout moun k ap chèche l. — Travay 10:34, 35.