Al gade sa k anndan l

Soti agoch al adwat: Frè Corneliu Cepan k ap bay diskou Memoryal la nan lang woumen; frè Angelos Karamplias k ap entèprete diskou a pou yon prizonye ki pale lang grèk.

20 AVRIL 2021
WOUMANI

Memoryal 2021: Yo bay diskou Memoryal la pou kèk prizonye nan peyi Woumani pa mwayen videyo konferans

Memoryal 2021: Yo bay diskou Memoryal la pou kèk prizonye nan peyi Woumani pa mwayen videyo konferans

Pandan 17 ane, chak semèn frè nou yo te kondui etid Labib ak prizonye ki nan prizon Jilava, ki nan Boukarès nan peyi Woumani. Lè pandemi COVID-19 la te kòmanse, yo te kanpe reyinyon ki te konn fèt an pèsòn yo. Men, de semèn sèlman anvan Memoryal lanmò Jezi a ki t ap fèt nan dat 27 mas 2021, otorite nan prizon an te pèmèt yo fè reyinyon yo pa mwayen videyo konferans. Frè nou yo te mande otorite nan prizon yo si yo te ka bay diskou Memoryal la pa mwayen videyo konferans. Otorite yo te dakò. Antou, te gen 21 prizonye ak 4 otorite nan prizon an ki te asiste Memoryal la.

Frè Corneliu Cepan te fè diskou Memoryal la nan lang woumen. Frè Angelos Karamplias te entèprete diskou a nan lang grèk pou yon prizonye ki pale lang grèk e ki t ap gade pwogram nan. Te gen kat responsab nan prizon an, sa gen ladan l youn nan direktè yo, ki te asiste pwogram nan tou.

Men sa frè Cepan di: “Mwen santi se te yon gwo privilèj pou m bay diskou Memoryal la. Prizonye yo te vrèman ap koute e yo t ap reflechi sou gwo sakrifis Jezi te fè pou yo.”

Men sa frè Karamplias di: “Nou kontan anpil paske Jewova fè l posib pou nou preche prizonye yo e pou nou te selebre Soupe Seyè a. Nou swete ap vin gen anpil lòt prizonye k ap vin asiste etid Labib nou fè sou Entènèt la e y ap jwenn rekonfò Bib la bay.”

Nou kontan paske otorite nan prizon yo te bay prizonye yo posiblite pou yo koute diskou Memoryal la. — 1 Timote 2:3, 4.