Al gade sa k anndan l

Ki sa sa vle di sen?

Ki sa sa vle di sen?

Repons Bib la bay

 Yo itilize mo “sen” anrapò ak sa ki pwòp e ki san salte. Nan lang ebre a, mo “sen” an vle di “met apa”. Donk, yo itilize “sen” anrapò ak sa yo met apa, ki pa la pou yo itilize l yon fason òdinè, oubyen anrapò ak sa yo konsidere kòm sakre, sitou paske l pwòp e l bon.

 Se Bondye ki sen nan degre ki pi wo a. Bib la di: “Pa gen pèsonn ki sen tankou w, Jewova a.” (1 Samyèl 2:2). Se sa k fè Bondye gen dwa pou l etabli lwa konsènan sentete.

 Nou kapab itilize mo “sen” an pou kèlkeswa bagay ki gen rapò dirèkteman ak Bondye, espesyalman bagay nou itilize sèlman pou n adore Bondye. Pa egzanp, Bib la pale de:

  •   Kote ki sakre: Lè Moyiz te kanpe bò pye pikan ki te gen dife ladan l lan, Bondye te di l: “Kote w kanpe a se yon kote ki sakre.” — Egzòd 3:2-5.

  •   Fèt ki sen: Izrayelit nan tan lontan yo te konn fè fèt regilyèman pou yo adore Jewova. Yo te di fèt sa yo se fèt Bondye mande “pou nou reyini pou nou adore l”. — Levitik 23:37.

  •   Objè ki sakre: Yo te rele objè yo te konn itilize pou adore Bondye nan tanp Jerizalèm tan lontan an “veso sakre”. (1 Wa 8:4.) Yo te konn trete objè sakre sa yo avèk anpil respè, men yo pa t janm konn adore yo. b

Èske yon moun enpafè ka sen?

 Wi. Men lòd Bondye bay kretyen yo: “Nou dwe sen, paske mwen menm, mwen sen.” (1 Pyè 1:16). Se vre, yon moun enpafè pap ka atenn degre sentete Bondye genyen an ki pafè. Sepandan, Bondye kapab konsidere yon moun ki obeyi lwa l yo kòm yon moun “ki sen, ki fè Bondye plezi”. (Women 12:1.) Yon moun k ap fè efò pou l sen ap montre sa ni nan pawòl li ni nan aksyon l. Pa egzanp, moun sa a suiv konsèy Bib la bay “pou nou vin sen e pou nou evite imoralite seksyèl”, epi “pou nou vin sen nan tout konduit nou”. — 1 Tesalonisyen 4:3; 1 Pyè 1:15.

Èske yon moun ki te sen nan je Bondye ka vin pa sen ankò?

 Wi. Si yon moun sispann suiv prensip Bondye yo, Bondye pap konsidere l kòm yon moun ki sen ankò. Pa egzanp, nan liv Ebre a, yo te avèti ‘frè yo ki te sen’ pou yo ‘pa vin gen yon kè ki mechan, yon kè ki manke lafwa, poutèt yo kite Bondye vivan an’. — Ebre 3:1, 12.

Sa ki pa verite anrapò ak sentete

 Sa ki pa verite: Yon moun ka vin sen lè li renye tèt li.

 Sa ki verite: Bib la fè konnen lè yon moun “maltrete kò l” oswa li renye tèt li nan yon degre ekstrèm, sa “pa itil anyen” pou Bondye (Kolosyen 2:23). Olye de sa, Bondye vle pou nou pwofite bon bagay ki gen nan lavi a. “Se pou tout moun manje, se pou yo bwè e se pou yo gen kè kontan pou tout travay di yo fè. Se kado Bondye bay.” — Eklezyas 3:13.

 Sa ki pa verite: Lè yon moun selibatè, sa fè l pi sen.

 Sa ki verite: Byenke yon kretyen ka chwazi rete san l pa marye, men se pa sa ki fè l sen pou Bondye. Se vre, moun ki selibatè yo gen posiblite sèvi Bondye san yo pa distrè (1 Korentyen 7:32-34). Sepandan, Bib la montre moun ki marye yo kapab sen tou. An reyalite, omwen youn nan apot Jezi yo, Pyè, te marye. — Matye 8:14; 1 Korentyen 9:5.

a Non Bondye se Jewova. Nan plizyè santèn vèsè nan Bib la, yo asosye non sa a ak mo “sen” e ak mo “sentete”.

b Bib la pa vle n adore objè ki gen rapò ak relijyon. — 1 Korentyen 10:14.