Al gade sa k anndan l

Èske yon kretyen kapab aksepte yon tretman medikal?

Èske yon kretyen kapab aksepte yon tretman medikal?

Repons Bib la bay

 Wi. Jezi te fè disip li yo konnen yo kapab chèche yon tretman medikal, lè l te di yo: “Se pa moun ki an sante ki bezwen doktè, men se moun ki malad ki bezwen doktè.” ​(Matye 9:12). Se vre Bib la pa yon liv medikal, men li bay kèk prensip ki kapab gide moun ki vle fè Bondye plezi.

Ou kapab poze tèt ou kesyon sa yo

 1. Èske m gen yon ide byen klè sou tretman yo pwopoze m yo? Labib ankouraje n chèche enfòmasyon ki fyab olye pou n kouri “kwè tout sa moun di.” — Pwovèb 14:15.

 2. Èske m pa ta dwe mande yon dezyèm oswa yon twazyèm moun ki byen konnen domèn nan kèk konsèy? L ap bon pou w pran “konsèy nan men anpil moun” sitou si w gen gwo pwoblèm sante. — Pwovèb 15:22 Bib la.

 3. Èske tretman an p ap fè m dezobeyi kòmandman nan Bib la ki mande pou m “evite [...] san”? — Travay 15:20.

 4. Èske konsiltasyon an oswa tretman an pa gen rapò ak movèzespri? Bib la kondane “pratik ki gen rapò ak movèzespri.” ​(Galat 5:19-21). Pou w ka konnen si l gen rapò ak movèzespri, w ap bezwen reflechi sou kesyon sa yo:

  •   Èske moun ka p bay swen an ap entèpele movèzespri?

  •   Gen moun ki panse lè yo malad se demon yo oswa yon ènmi yo k ap fè yo mechanste. Èske tretman an pa gen rapò ak kwayans moun sa yo?

  •   Èske preparasyon yo oswa fason pou w pran remèd yo pa gen rapò ak sakrifis, maji, movèzespri oswa ak lòt bagay ankò moun itilize pou fè maji?

 5. Èske m bay tèt twòp pwoblèm konsènan eta sante m? Bib la di nou: “Se pou tout moun konnen nou kòm moun ki rezonab.” ​(Filipyen 4:5). Lè ou montre w rezonab sa ap ede w ret konsantre sou “bagay ki pi enpòtan yo” anpalan de bagay espirityèl yo. — Filipyen 1:10; Matye 5:3.