Al gade sa k anndan l

Pou ki rezon nou sou tè a?

Pou ki rezon nou sou tè a?

Repons Bib la bay

 Moun konn poze tèt yo plizyè kesyon sou sans lavi a, tankou: Poukisa nou la a? Ki objektif lavi a genyen? Bib la montre objektif nou nan lavi a se chèche vin zanmi Bondye. Ann egzamine kèk verite enpòtan nan Bib la ki montre sa.

  •   Se Bondye ki Kreyatè nou. Bib la di: “Se [Bondye] ki fè nou, se pa nou menm ki fè tèt nou.” — Sòm 100:3; Revelasyon 4:11.

  •   Bondye gen yon objektif pou tout sa l kreye, e objektif sa a konsène nou tou. — Ezayi 45:18.

  •   Bondye kreye nou yon fason pou n pran konsyans nou “bezwen” l, sa ki gen ladan l dezi nou genyen pou n chèche konn sans lavi a (Matye 5:3). Li vle pou nou konn sans lavi a genyen. — Sòm 145:16.

  •   Nou montre nou bezwen Bondye lè n fè efò pou n vin zanmi l. Menmsi kèk moun panse li difisil pou yo vin zanmi Bondye, men ki ankourajman Bib la ban nou: “Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” — Jak 4:8; 2:23.

  •   Pou nou vin zanmi Bondye, nou dwe viv ann amoni ak objektif li gen pou nou. Labib pale de objektif sa a nan Eklezyas 12:13 ki di: “Gen krentif pou Bondye. Fè tou sa li mande ou fè yo. Se pou sa ase Bondye te kreye moun.” — Bib la.

  •   Alavni, n ap ka viv ann amoni nèt ak objektif Bondye te gen pou nou okòmansman an lè Bondye elimine soufrans e li bay zanmi l yo, sa vle di moun k ap adore l yo, lavi ki pap janm fini an. — Sòm 37:10, 11.