Al gade sa k anndan l

Èske Bondye fè pati yon Trinite?

Èske Bondye fè pati yon Trinite?

Repons Bib la bay

 Anpil relijyon anseye Bondye se yon Trinite. Sepandan, men sa yon ansiklopedi fè konnen: “Ni mo Trinite a ni ide ki nan doktrin nan pa parèt nan Nouvo Testaman an [...]. Doktrin nan te devlope tikras pa tikras pandan plizyè syèk e te gen anpil deba ki fèt sou li.” — The Encyclopædia Britannica.

 Anfèt, Labib pa janm pale de Bondye tankou yon Dye ki fè pati yon Trinite. Note ki sa vèsè Labib ki annapre yo di:

 “Jewova, Bondye nou an, se yon sèl Jewova.” — Detewonòm 6:4.

 “Se pou moun konnen ou menm, ki rele Jewova, ou se Sila a ki nan pi gwo pozisyon an e ki gen pouvwa sou tout tè a.” — Sòm 83:18.

 “Pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an, se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a, ak sila a ou te voye a: Jezi Kris.” — Jan 17:3.

 “Bondye pou kont li.” — Galat 3:20, Bib la.

 Donk, poukisa pifò relijyon di Bondye fè pati yon Trinite?