Al gade sa k anndan l

KI KOTE MÈVÈY SA A SOTI?

Po balèn pilòt la netwaye tèt li poukont li

Po balèn pilòt la netwaye tèt li poukont li

 Zuit yo rele pekou a ak lòt òganis k ap viv nan lanmè reprezante yon gwo pwoblèm pou kapitèn bato yo paske yo miltipliye kò yo anba bato k ap navige yo. Depo sa yo ki fèt yon fason ki natirèl anba bato yo ralanti bato yo sou lanmè a, yo fè yo boule plis gaz e yo lakòz, chak de twa ane, yo oblije retire bato yo nan dlo pou netwaye yo. Syantifik yo ap chèche jwenn solisyon nan sa y ap obsève nan lanati.

 Fè yon ti reflechi: Rechèch yo fè demontre bèt yo rele balèn pilòt la (Globicephala melas) gen po l ki gen kapasite pou l netwaye tèt Ii poukont li. Po balèn pilòt la gen yon seri ti douk ki long e ki gen ti espas toupiti piti ki separe yo youn ak lòt, sa ki fè òganis sa yo pa kapab kwoke sou po l. Mete sou sa, gen yon likid ki ranpli espas ki genyen ant douk yo, e likid sa a atake plant lanmè ak bakteri ki ta vle kole sou po a. Po balèn pilòt la bay likid sa a toutpandan li jete ansyen po li te genyen an.

 Syantifik yo ap chèche adapte fason po balèn pilòt la netwaye tèt li poukont li a sou pati bato yo ki rete anba dlo. Anvan sa, se avèk yon penti espesyal ki anpeche bèt sa yo kole sou kò bato a yo te konn sèvi. Men, poutèt danje penti moun yo te konn plis itilize a te vin reprezante pou lavi bèt k ap viv nan lanmè yo, yo te vin mete yon entèdiksyon pou sèvi ak yo. Solisyon pou syantifik yo se devlope yon griyaj ki fèt an fè y ap enstale anba bato yo, pa anlè yon sistèm ki gen yon pakèt ti twou k ap pouse yon pwodui chimik soti, san sa pa reprezante yon danje pou bèt k ap viv nan lanmè yo. Pwodui chimik la ap vin tankou yon lakòl lè l ap an kontak ak dlo lanmè a, sa k ap pèmèt li glise pou l gaye kò l anba bato a tankou yon po. Rive yon lè, po sa a k ap gen apeprè 0,7 milimèt epesè, ap soti avèk tout òganis ki te vin kole sou li yo. Sistèm nan, sou bò pa l, gen pou l pouse menm likid chimik lan ki pral vin kouvri kò bato a ankò pa anba, tankou yon nouvo po.

Zuit yo rele pekou a yo fè bato yo vin pi lan e li difisil pou retire yo sou kò bato yo.

 Tès yo fè nan laboratwa yo montre sistèm sa a kapab fè kantite òganis ki vin poze sou kò bato yo divize pa 100. Sa t ap reprezante yon gwo avantaj pou konpayi k ap bay sèvis transpò sou lanmè, paske retire yon bato nan dlo pou netwaye l sou waf koute chè anpil.

 Ki sa w panse? Èske po balèn pilòt la ki netwaye tèt li poukont li egziste grasa evolisyon? Oswa se fè yo te fè l?