Al gade sa k anndan l

KI KOTE MÈVÈY SA A SOTI?

Fason espesyal lang chat la fèt

Fason espesyal lang chat la fèt

 Chat moun abitye gen lakay yo gen abitid pase anpil tan ap netwaye kò yo avèk lang yo. Yo ka menm pase yon ka nan jounen yo ap fè sa. Rezon ki fè chat yo kapab byen netwaye kò yo konsa se paske lang yo fèt yon fason ki vrèman espesyal.

 Fè yon ti reflechi: Lang chat la kouvri ak 290 ti pikan ki sanble ak plim, ki tankou zo pwason e ki di tankou zong nou. Chak ti pikan sa yo gen yon fòm kivèt, konsa li ka ranmase krache lè chat la rale lang li anndan bouch li. Lè chat la niche plim li, ti pikan sa yo antre byen fon nan plim yo pou yo lage krache a sou po chat la.

Yon foto yo gwosi ki montre ti pikan ki sanble ak plim ki sou lang chat la.

 Lang yon chat kapab depoze anviwon 1,6 ons krache sou po ak plim chat la chak jou. Krache sa a gen kapasite pou l detwi mikwòb ki ka sou po chat la. Epitou, toutpandan krache a ap seche, li degaje chalè ki sou pò chat la. Sa enpòtan anpil piske chat pa gen anpil glann nan kò yo ki pou pèmèt yo swe.

 Si youn nan ti pikan sa yo ta kole nan kèk plim ki mele, ti pikan an antre pi fon nan plim chat la, konsa li jwenn ase fòs pou l demele plim yo. Epitou, lè chat la netwaye kò l, ti pikan sa yo ki sou lang li a ede l ak sikilasyon po l. Syantifik yo imite kèk aspè nan lang chat la pou yo fè yon bwòs tèt. Bwòs sa a pèmèt yon moun bwose tèt li ak mwen fòs pase yon bwòs nòmal e l pi fasil pou netwaye. Epitou, bwòs la demele cheve ki mele yo. Syantifik yo kwè fason lang chat la fèt kapab itil yo pou yo jwenn lòt teknik pou yo kenbe cheve ak plim pwòp. Epitou, sa ka ede yo jwenn pi bon metòd pou yo sèvi ak krèm oswa medikaman sou po ki chaje ak plim.

 Ki sa w panse? Èske fason lang chat la fèt egziste grasa evolisyon? Oswa se fè yo te fè l?