Al gade sa k anndan l

Kongrè espesyal Temwen Jewova te fè nan sèt peyi

Kongrè espesyal Temwen Jewova te fè nan sèt peyi

Sa pa gen twò lontan depi Temwen Jewova yo te fè kongrè espesyal nan peyi Brezil, Ilann, Izrayèl, Kostarika, Lasyèd, Nouvèl Zelann ak nan Ong Kong. Premye kongrè nan seri kongrè sa yo te fèt nan peyi Lasyèd nan mwa jiyè 2012, epi twa dènye kongrè yo te fèt nan Kostarika ak Nouvèl Zelann nan mwa janvye 2013.

Menm jan ak lòt kongrè rejyonal yo ki dire twa jou, nan kongrè espesyal sa yo, yo te prezante diskou biblik, demonstrasyon ak dram.

Pou kongrè espesyal sa yo, yo te envite delege yo asiste kongrè ki pa fèt nan peyi pa yo. Anvan yon kongrè epi apre kongrè a, delege yo te gen opòtinite pou yo vizite plizyè kote nan peyi kote yo te asiste kongrè a.

Youn nan delege yo ki te asiste kongrè ki te fèt nan Brezil la te di: “Se pa ti kontan mwen te kontan pou m santi lanmou estrawòdinè ak ospitalite frè yo te demontre anvè nou! Se tankou mwen te rankontre kèk manm fanmi pwòch mwen.”

Yon lòt delege ki te asiste kongrè espesyal ki te fèt nan Ong Kong nan te di: “Sa te touche m anpil lè m te wè gwo souri ak dlo nan je delege ki te pale Mandaren yo, lè yo te fèk resevwa nouvo piblikasyon yo, yo te kenbe yo sou lestomak yo.

Chak ane, Temwen Jewova fè kongrè yo toupatou sou tè a. Plizyè milyon moun konn asiste yo.

Moun yo ki asiste kongrè yo gen opòtinite pou yo wè lanmou, lajwa epi lapè ki fè pati kominote frè nou fòme a. Se bèl kalite moun kapab wè sitou pandan kongrè espesyal yo oswa kongrè entènasyonal yo. Pandan poz midi yo, delege yo pale ansanm, yo manje ansanm, yo fè echanj ti kado, yo pataje nimewo telefòn yo ak adrès yo, yo fè foto epi youn sere lòt nan bra l avèk afeksyon.

Menm jan ak nan tout kongrè nou fè yo, nou kontan envite moun ki pa Temwen Jewova yo vin asiste kongrè sa yo.