Al gade sa k anndan l

Yon kanpay ki te sove lavi moun

Yon kanpay ki te sove lavi moun

Temwen Jewova yo te òganize yon kanpay ki te dire de mwa nan Tabasko, yon eta nan Meksik nan ane 2017 la pou yo distribye Reveye n! avril 2014 la (fransè) ankò. Li te gen tit: “Trois bonnes raisons de s’accrocher à la vie”. Yo te fè sa pou yo te ka bay yon èd pou pwoblèm moun k ap touye tèt yo ki te egziste nan zòn sa a. Moun yo te vrèman apresye kanpay sa a.

Yon èd ki vini nan bon moman

Faustino, youn nan Temwen Jewova yo, te pale ak yon dam ki t ap enkyete pou pitit gason l ki gen 22 an. Jèn gason an te gen pwoblèm depresyon e li te chèche touye tèt li. Dam nan pa t konnen jan pou l ede l. Men, lè Faustino te ba l peryodik la, men sa l te di: “Se sa menm pitit gason m nan bezwen.” Nan demen, Faustino t al vizite manman tigason an, e yo te pale sou konsèy Bib la bay yo pale sou yo nan peryodik la. Apre kèk vizit, jennonm nan te chanje konpòtman nèt. Men sa Faustino di: “Li parèt pi alèz e li gen plis kè kontan kounye a.” Anplis de sa, li pataje sa l aprann ak frè l, ki gen pwoblèm depresyon tou.

Karla, k ap viv nan vil Wimangiyo, te sèvi ak peryodik la pou l ede yon elèv nan klas li. Men sa l di: “Mwen te remake gen yon tifi nan klas mwen ki gen 14 an ki te parèt tris. Mwen te pale avè l e li te esplike m nan ki sitiyasyon l ap viv. Pandan n ap pale a, mwen te remake li gen mak sou men goch li.” Karla te vin aprann tifi sa a te gen abitid blese men l ak janm li. Li te santi li lèd e li pa t kwè li te gen rezon pou l viv. Karla te ba l Reveye n! nan. Lè tifi a fin li l, li di Karla sanble se pou li menm menm yo te ekri peryodik la. Avèk yon souri sou vizaj li, li di kounye a li kwè gen rezon pou l viv.

Nan vil Vilaèmosa, gen yon mesye ki te pèdi espwa. Li te pèdi travay li, e madanm li te kite li menm ak timoun yo. Li te priye pou Bondye ede l men li te toujou santi li san espwa. Li t apral touye tèt li lè Martín ak Miguel, de Temwen Jewova te frape nan pòt li. Mesye a te ouvè pòt la, epi Temwen yo te ofri l Reveye n! nan. Lè mesye a wè tit la, li santi se reponn Bondye reponn priyè l la. Martín ak Miguel te ba l ankourajman ki soti nan Bib la e lè yo te tounen kèk jou apre, yo te jwenn mesye a pi anpè. Kounye a, y ap etidye Labib ak mesye sa a de fwa pa semèn.

Prizonye jwenn bon nouvèl

Kòm sa fè pati kanpay la, Temwen Jewova yo te vizite plizyè prizon nan eta Tabasko pou yo bay prizonye yo kèk konsèy nan Bib la ki ka ede yo bay lavi yo yon sans. Temwen Jewova yo te prepare pou yo pase videyo pou prizonye yo, pou bay yon diskou ki baze sou Bib la e pou yo pale sou rezon nou genyen pou n kontinye viv, sijè ki nan peryodik la. Prizonye yo ansanm ak moun k ap travay nan prizon an te apresye vizit sa yo. Pa egzanp, gen yon prizonye ki di: “Mwen te eseye touye tèt mwen twa fwa. Gen kèk moun ki te di m Bondye enterese nan mwen, men yo pa t janm sèvi ak Bib la pou yo pwouve m sa yo te di a se laverite. Pawòl nou yo vrèman ankouraje m.”

Otorite yo te okouran kanpay sa a. Sekretè deta pou sante a te felisite Temwen yo pou efò yo fè pou ede kominote a, e gen yon jounal lokal ki te soti yon atik sou kanpay la ki te gen tit: “Yo soti pou y al anpeche moun yo touye tèt yo.”