Al gade sa k anndan l

Liv Istwa biblik la al lekòl

Liv Istwa biblik la al lekòl

Liv istwa biblik mwen an yo te tradui nan lang pangasinan e ki te parèt an 2012 ede timoun lekòl nan peyi Filipin ki pale lang sa a. Liv la byen tonbe, paske Depatman edikasyon nan peyi Filipin mande pou yo anseye timoun ki nan lekòl primè yo nan lang manman yo.

Yo pale plis pase 100 lang nan peyi Filipin, e yo te fè lontan ap diskite sou kesyon ki lang pou yo pale nan klas ak timoun yo. An 2012, Depatman edikasyon an te bay yon lòd kote li te rekonèt “lè yo sèvi ak lang [timoun yo pale] lakay” yo, sa fè timoun yo “aprann pi byen e pi vit”. Kòm rezilta, yo te mete yon pwogram “edikasyon nan plizyè lang ki baze sou lang manman” timoun yo sou pye.

Pangasinan se te youn nan lang yo te chwazi sèvi avè l. Men, te gen yon pwoblèm. Gen yon direktè lekòl ki te rekonèt pa t gen anpil piblikasyon pou moun li ki disponib pou elèv yo nan lang sa a. Se sa k fè, Liv istwa biblik mwen an Temwen Jewova yo pibliye a ki te parèt nan lang pangasinan nan kongrè distri ki te fèt an novanm 2012 la te byen tonbe.

Yo te fè enprime anviwon 10 000 liv pou yo distribye nan kongrè yo. Timoun piti yo ak paran yo te kontan jwenn yon liv nan lang yo. Gen yon koup marye ki di: “Timoun nou yo renmen l paske yo ka konprann li.”

Tousuit apre kongrè a, gen kèk Temwen nan vil Dagoupann ki te pote liv Istwa biblik pa yo a nan yon lekòl. Pwofesè yo, ki t ap lite pou yo jwenn piblikasyon nan lang pangasinan, te kontan liv la. Yo te distribye plis pase 340 liv. Pwofesè yo te kòmanse sèvi ak liv la tousuit pou yo aprann timoun yo li nan lang manman yo.

Temwen Jewova yo kontan wè liv sa a itil nan edikasyon timoun piti. Youn nan tradiktè ki te ede nan tradui Liv istwa biblik mwen an di: “Sa fè lontan nou te rann nou kont jan sa enpòtan pou nou fè liv nan lang manman moun yo yon fason pou n touche kè yo. Se poutèt sa Temwen yo fè efò pou yo tradui Bib la ak piblikasyon ki baze sou Bib la nan plizyè santèn lang.”